Yon kesyon 2 vitès – Kettly Mars

Spread the love

Un dous
Un chaud
Demildis tranbleman
Frape nou sou bounda
Yon kousiprann
Ki kase ren nou…
Demilven
Viris la ap vanse dousman
San fè bwi
Tankou w chat nwa nan fènwa
Vlou anba pye l…
Lalin ak solèy
Kilès ou pi pito? …
Korona mize nan wout
Men li pa pot bon nouvèl
Nap viv sou 2 vitès
Un dous
Un chaud
Nou deja mouri
Men nou poko fin viv
Se kounyea nou ta viv
Tèlman gen solèy pou lanmè vale
Tèlman gen van pou bay fèy kokoye lanmou
Un dous
Un chaud
Nou ta vle l vini
Pou yon lè nou ka fini
Li deja la
N ap chache l nou pa wè l
Son w lamayòt
Yon madigra byen maske
Nou ta vle dòmi
Epi n leve
Epi tout dezagreman pati
Un dous
Un chaud
Yon zwazo chante li fenk midi
Rèl yon kaw travèse syèl la pakanpak
Pandan l prale l ap dekoupe limyè a
Un dous
Un chaud
Nou pè n pa pè
Sa k ap zenn ap zenn
Sa k ap frikat ap frikat
Genyen k ap pwofite fè mago
Onon di Pèp edifis edisentespri
Tout jan n ap viv
Nou toujou sou 2 vitès
Un dous
Un chaud
Un dous
Un chaud
Doudou se konsa l ye tou
Lè mwen avè w n ap byen fè l

Kettly Mars – 8 avril 2020

Journal d’un confinement


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *