Pwezi nanm mwen

Spread the love

Dèyè souri m make chagren
Pawòl pap janm ka eksprime
M ap chante pandan nanm mwen ap kriye
Anmwey! Sekou ! pou yon kè ki bouke soufri
Ki vle ale lwen, lwen mechanste mond lan

Kò m febli,
Li bouke kenbe anndan m k ap kouri
K ap chache repo, etènèl petèt….

Je m pa konn ki kote pou l founi gade,
Pou l sispann wè doulè, chirepit ak latwoublay
Zòrèy mwen pa vle tande, kri kap soti nan zantray latè

Pye m refize touche tè, pile rigòl san kap pote ale rèv ak inosans
Tèt mwen pati,
rès kòm ap fè laviwonn dede, ki pap janm mennen nan wout li

Zantray mwen al tann
Jwa m ale ak li, m ap gade yo kap defile chak jou,
Ki prale lwen, pi lwen pou yo dekouraje tounen

Mwen kontinye depann de souf mwen,
Ki kenbe m nan lavi,
Legzistans mwen anmè kou fyèl, okenn siwo paka ba l gou


Nou se yon souf…

Taina Camy


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *