Piman Zwazo

Spread the love

Lè kòd lonbrik ou depatcha
Nan bese triye desepsyon
Chak miyèt ap taye banda nan lakou agwe
Pou patinen figi w

Lè kanòt lavi w kontre tè
Lè pousyè wouze nanm ou
Lè chak kout rach movezè
Soti pou derasinen rasin lespwa w
Lè anndan w tounen depotwa
Pou bay fènwa gouye
sou rezistans ou
sou rèv ou
sou kout ri w
sou anvi w
Pou voye repiyans

Soufle latè bay dèyè w
koze
Jouk li mande chèz

Nephtaly Dantès


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *