Tray

Spread the love

Lapenn nou klè kou dlo kannari

Sous yo pete nan bitasyon n

Dlo yo pase lwen nou

Nou se tèt kana nan liv byennere

Nou pa mèt kalamite n

Traka n ekri nan lang vwazen

Figi n tounen batwèl nan bat mizè

Nou gonmen tankou mestiyen

Kè n rete doubout

Ou ta di se pwent tete Choukoun

Nou pwomennen dlo je n nan panyen

Nou gade lavi drèt nan je

Dife nou pa janm tenyen sou potajè n

Sann nou toujou chofe

Swè nan fontenn nou se fòmòl

L ap kwape tout move zè

Abydarlyne Jouth


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *