Rèv Zili a

Spread the love

Zili te chita nan klas la ap kalkile jiskaske madam lan fè l sote.

-Zili, kisa w vle fè lè w fini lekòl ?

Zili pa t vle reponn, li pat konn sa l te dwe reponn, tout evenman ane pase yo dekouraje l. Tout pasyon l tout rèv li se te pou l te vin jwè foutbòl. Li pat janm prepare plan B, sèl deviz li se te ” Prepare yon plan A solid pou w pa oblije gen plan B. Epi…

Zili se yon jèn tifi 15 lane, li fèt nan yon fanmi ki gen 5 timoun. Li se sèl grenn tifi nan mitan 4 lòt gason. Li se twazyèm lan. Travay li te anpil kòm sèl grenn pitit fi kay la. Li te yon asistan pou manman l, yon dezyèm manman pou 2 ti frè l yo. Sa pat janm deranje l li te toujou fè yo ak tout kè l. Men sa yo pat sèlman okipasyon Zili. Li sitou te konn pase tan ak 2 gran frè l yo epi jwe ak yo. Sa Zili te plis renmen se te moman yo t ap jwe boul. Pafwa frè l yo konn mete l nan ekip yo lè y ap jwe sou katye l paske Zili se te yon bon jwè. Men papa yo pat konn kontan paske l toujou ap di Zili plas li pa nan mitan pil jenn gason men pito anndan kay la pou ede manman l nan travay kay yo. Se konsa l ap ka fè yon bon madanm demen. Sa pat konn anpeche Zili chape tou dousman epi al jwe boul kanmèm. Anpil fwa se anba baton yo vin pran l sou tèren an.

Yon jou pandan Zili sot jwe ak frè l yo, li jwenn pil moun lakay li. Manman Zili te mouri san l pat menm malad. Zili te gen 13 lane. 

Apati moman sa, Zili te sèl fanm nan kay la, papa l te pran moun pou okipe 2 ti frè yo men sa pat anpeche travay yo te vini plis sou do Zili. Sa te vin anpeche l jwenn ti tan pou l chape al jwe foutbòl. Anpil fwa frè yo anvi mande papa yo pèmisyon pou Zili men yo konn sa mesye a ap reponn. Se toujou menm koze a, tifi paka nan jwe foutbòl, foutbòl se bagay mal gason. Plas Zili se nan kay la. Epi yon jou Zili dezobeyi l al jwe nan yon ekip ak frè l yo. Jou sa se te yon lòt bagay, Zili te kontan rejwenn jwèt la, li bay tout li menm, li santi l di mil fanm tèlman l woule boul.

Apre match la yon mesye te apwoche Zili

-Bonswa bèl ti demwazèl

Zili pat konprann kòman fè l fin woule boul konsa epi yon enkoni ap vin rele l bèl ti demwazèl. Men l reponn kanmèm.

– Bonswa mesye.

-Ou jwe byen wi. Kilès ki montre w jwe byen konsa ?

-Pyès moun. M jis renmen jwe ak frè m yo.

-Kiyès ki frè w yo ?

Zili lonje dwèt li epi l fè mesye yo siy pou yo apwoche

-Zili sa k genyen ?Youn nan frè yo mande

-Mesye sa ki te mande kiyès ki frè m yo. Reponn Zili

-Ou se kilès ? Mande lòt frè a pandan l ap fikse mesye a nan je.

-Non pa m se … 

– Zili ou pa konn ak kilès w ap pale la ? Se youn nan gwo potanta federasyon foutbòl peyi isit wi.

– Wi mesye … Sa w t ap di nou ?

-M t ap gade jan sè nou an t ap jwe. M gen yon zanmi m ki gen yon klèb mwen te vle konnen si li pa t enterese jwe kòm pwofesyonèl.

Mesyedam yo pat konprann sa k t ap rive a yo youn t ap gad lòt bouch be san yo paka di yon mo. Epi se Zili ki jwenn lapawòl pou l di

-Men mesye m fenk gen katòz lane. Papa m di m foutbòl se bagay gason. M pap kab al jwe nan klèb. Ni jodi ni demen.

-M pa panse sa non mwen. Papa w pa gen rezon. Si foutbòl te bagay gason pa t ap gen tout fi sa ki konn jwe l. Epi w pa t ap gen tout talan sa kòm fi.

Antretan frè yo ap pale antre yo. Y ap eseye jwenn on mwayen pou yo pa kite posiblite a ale. Youn nan yo reponn

-Tande Zili, nou konnen w gen talan. Se pou sa n toujou ap mennen w ak nou lè n pral jwe. Talan w pata dwe gache nan jwe ti match sou katye a ak nou. Se yon chans ou gen jodi a pou w al pwouve w epi jwe ak moun ki nan nivo w.

-Nou konnen byen pwòp papa m pap vle. Kijan m ap fè al nan antrenman ?

-Mesyedam, m ap ban nou nimewo m. N a rele m pou di m sa n deside.

Pi gran frè a te pi enterese pou pouse Zili aksepte. Se li ki te toujou ap ankouraje Zili  jwe boul. yon jou li te pataje ak Zili rèv li gen pou l ta wè sèl grenn sè l la briye nan domèn sila a. se pou sa li toujou ankouraje l ale jwe e menm malgre papa yo toujou ap tire pye, li toujou jwenn yon mwayen pou l mennen Zili avè l te mèt se an kachèt. Se pou sa li te moun ki pi cho pou Zili aksepte pwopozisyon mesye federasyon an.

Rive lakay yo, mesye dam yo kouri al rakonte papa yo sa k sot pase a. Papa a rete kanpe sou pozisyon l, Zili se tifi, li pap jwe boul, li pa mal gason. Malgre mesyedam yo mete l chita, rakonte l tout avantaj ki gen pou Zili ta jwe nan nivopwofesyonèl, misye ret kanpe min sou desizyon l. Zili te gentan aksepte li pap janm reyalize rèv li. Li te reziyen l. selon papa l, plas li se nan kay la, aprann jere yon kay, apresa li dwe tann papa l remèt li nan men yon gason. Li dwe konn fè tout bagay pou pran swen gason sa, paske se wòl li, li dwe yon bon fanm epi Bondje te kreye l pou sa. Papa Zili pa t janm mete pye legliz men li konnen pou l di Zili, Bondje kreye fanm nan kòt gason, li pa t kreye l pou l te fè tout bagay gason fè men pito pou l pran swen gason. Dayè li toujou ap di Zili èske l panse gen gason k ap janm aksepte madanm li pote pantalon nan kay la.

Jou yo te pase, Zili te aksepte ka a pèdi epi yon jou pi gran frè l la vin kote l

-Zili, sa w deside pou koze jwe pwofesyonèl la ?

– Papa pa dakò

-Wi men oumenm, kisa w vle ?

Zili bese tèt li, li pat vle reponn, repons k ap fè frè a plezi a pap nan sans papa l. li pat vle fè papa l fache. Li konnen byen sa l vle men l te deside reziye l fè kwa sou rèv li jis pou antre nan liy papa l la, zili wose zepòl li epi l di :

-Humm,,, mwen pa konnen.

-Zili, m se gran frè w, mwen konnen w byen, mwen renmen w e mwen vle byen pou ou. M pako janm wè tout pasyon sa lakay ou nan nenpòt bagay w ap fè a. ou renmen football, ou renmen lè w gen boul la nan pye w. ou renmen lè w ap kouri avè l sou tout teren an. Gen moun ki aprann jwe pou yon ka pase pwofesyonèl apre pou y al fè lajan. Ou menm se pa sa ki enterese w, w ap jwe pou lanmou boul la. Li ra pou w jwenn yon moun ki gen tout pasyon sa pou yon jwèt. M t ap renmen w aksepte pwopozisyon an Zili.

-E papa ?

-Di wi.epi m ap jere sa.

-Humm

-Papa nou ka fè w kwè plas ou se nan kizin, se nan kay la, se prepare w pou w ka fè yon bon fanm kay. Men se pa vre Zili. Ou se yon bèl tifi ki entelijant anpil. Se ap yon lonè pou yon nèg si w ta dakò pou w rete avè l. pa janm panse se t ap yon favè. Ou fèt pou w espesyal.

Eske w konnen kijan w fè rele Zili ?

-Non

-Anben kite m eksplike w

Zili mete l byen konfòtab pou l koute listwa sa l te toujou ap mande manman l ak papa l rakonte l depi lè li te tou piti.

-Manmi te sèl grenn pitit manman l, papa l kidonk granpa te gen madan marye l. Manman manmi te fanm deyò. Fi kay la, kidonk premye madanm granpa, te konn anpeche granpa pase anpil tan ak manmi. Sa te konn deranje grann anpil, pafwa l pase nwit ap kriye. Yon jou swa granni wè yon fanm nan rèv li. Fanm sa te vin rekonfòte l. Se te yon bèl grimèl abiye tou de blan. Fanm lan di granni pran kouraj, m ap toujou la avè w, tout bagay ap byen pase pou ou ak pou pitit fi w. Granni te santi l gen anpil fòs apre jou sa. Li te sispann kriye epi bagay yo te vin ale mye pou li. Apre kèk lane lè granni te resi eksplike moun sa yo di l fanm li te wè a se te Èzili Freda. Manmi te toujou kwè nan listwa sa. Daprè manmi, Èzili Freda se yon fanm lib, endepandan ki kapab fè tout sa l vle. Manmi te toujou swete gen yon pitit fi ki leve non fanm sa.

Kòm li pat kab rele w Èzili, li rele w Zili. Selon manmi, ou pa dwe kite pyès moun di w paka reyisi lakoz ou se fanm. Zili ou bon nan jwèt boul, ou jwenn opòtinite a. Kounya w dwe kwè nan tèt ou. Papa nou ap oblije dakò lè l reyalize kijan w fò nan jwe boul.

Yon sèl kou Zili te santi l gen yon fòs pou l afwonte papa l epi goumen pou rèv li. Watadi fòs Èzili Freda te bay grann li an te fenk rantre nan li. Konnen kote manman l ye a li t ap sipòte l te ba l kouraj. Nan pita li ak gran frè l te pare pou al tante konvenk papa yo yon dènye fwa.

-Papa, m gen yon bagay pou m di w. Zili te kòmanse konsa.

-Kisa pitit fi m ?

-Konsènan foutbòl la…

-Zili m fèmen chapit sa lontan wi, reponn papa a tou frèt.

-Men papa…

-Tanpri Zili ban m tèt mwen ak bagay sa.

-Papa, kite Zili pale pou yon fwa.

Papa a vire gade frè a ak yon rega ki te kapab fè yo kouri si detèminasyon yo pat pi fò pase tout pè yo pè papa a.

-Wi papa, kite Zili pale.

-Se ou k ap ankouraje timoun lan nan bagay sa ? Men banm poze w yon kesyon.

Eske w ap janm marye ak modèl fi w ap eseye fè Zili sanble a?

-Men papa…

-Pa gen men… Reponn.

-M t ap gen anpil chans si m ta marye ak yon fi konsa.

-Yon fi konsa… Li lonje men montre Zili ak tout mepri.

Yon fi konsa. Sa k ap fè manje ba w ? Sa k ap lave rad ou, pase yo? Sa k ap okipe pitit ou yo?

-Se pou sa gen menajè wi papa.

-Menajè ? W ap ba l eslip ou ak chemizèt ou ?

Ou pa konn bagay sa yo se bagay entim yo ye?

-Anben papa m a lave yo

-Jan nou parese.

Zili te rete tou dousman ap swiv diskisyon an. Lakay li se te toujou gason pale, medam yo koute. Li ret swiv jouk li deside entewonp moun yo.

-M ka pale? Pyès moun pa okipe l jouk li fè yo n bri ki fè yo silans. 

Mesye yo te sezi. Se premye fwa yo wè Zili nan eta sa, Zili transfigire tèlman li te boulvèse. San di yon mo, papa a te rale ti chèz ba li epi l mete l nan dispozisyon pou l koute sa Zili ta pral di li a.

-Papa, m konprann ou vle pou m yon bon pitit fi. M konprann w ap goumen pou m prezantab nan je sosyete a. Se pou sa w ap goumen chak jou. Ou voye m lekòl, m toujou fè efò pou m pa kite w peye ane a an ven. Pwofesè m yo toujou di w kijan m se yon elèv aplike.

-Wi Zili. Nèg ki pral pran w lan ap jwenn yon bon fanm byen prepare.

-Egzakteman papa, ou paka ap fè tout efò sa pou sèl objektif la se ta yon nèg ki pou pran m.

Papa m ka plis ke sa. M ka reyalize plis pase madanm yon nèg. M renmen foubòl, m renmen jwe e m jwenn chans pou m pase pwofesyonèl. Se kounya pou m tante chans mwen avan m twò gran, avan m pèdi opòtinite yo.

-M pè pou w pa echwe Zili. Si w mal pase m ap santi m koupab antanke papa w.

-Ann di yon bagay, vin gade m k ap jwe. Si m pa konvenk ou, nou pap janm repale de bagay sa nan kay la.

-M pa konnen Zili. M paka pwomèt ou. Men m ap vin gade w k ap jwe.

Zili te santi l soulaje an menm tan li te pè. Apati jou sa li te bezwen fè plis efò. Non sèlman li te dwe sispann pran jwèt la pou jwèt, li te gen 2 moun pou l konvenk. Prezidan klèb yo pral prezante l la epi papa l. Se jou sa Zili konprann lè w se fanm ou dwe fè doub sa yon gason bezwen fè pou w jwenn mwatye nan sa l ap jwenn.

Zili te pase pase plizyè mwa nan klèb la ap antrene san l potko entegre l tout bon, li te bay tout li menm. Li te renmen anviwonnman l t ap jwe a. Se premye fwa l tap jwe nan yon ekip ki gen tifi sèlman. Li te kontan dekouvri gen yon pakèt lòt fi menm jan avè l ki gen pasyon pou foutbòl tout moun bò lakay li te konn ap di se bagay gason an. Antrenman yo te konn fèt chak samdi ak dimanch, la semèn Zili al lekòl. Malgre tout okipasyon sa yo, li te kontinye bay kout men nan kay la. Anpil fwa lanjelis siprann Zili tou fatige. Men sa pat deranje l, pou pasyon l li prè pou nenpòt sakrifis la. Epi yon jou, sakrifis yo pote fwi, antrenè a rele gran frè a nan telefòn epi l anonse l Zili fè pati ekip la dezòmè. Pwochen antrenman an ap tout jounen nan dimanch ap gen yon match.

Zili te bay tout li menm nan antrenman samdi a, nan aswè menm dòmi l paka dòmi tèlman l te eksite. Se premye fwa l ta pral jwe devan anpil moun, tout frè l yo t ap la epi papa l te pwomèt l ap vin gade l k ap jwe. Tout katye a te okouran Zili pral jwe yon gwo match. Anpil nan vwazen yo t ap tann rezilta match sa. Genyen se paske Zili t ap pot on gwo fyète sou katye a, genyen ki t ap tann li echwe pou bagay foutbòl sa te sispann pale nan zòn lan. Paske pou moun sa yo, Zili ki ta reyisi nan foutbòl se t ap yon move egzanp pou tifi sou katye a. Zili li menm, tout sa k nan tèt li se reyalize rèv li. E premye match sa te desizif anpil nan reyalizasyon objektif sa. Sou teren an Zili te bay tout li menm pandan match la. Li te mete an aplikasyon tout sa antrenè a te aprann li pandan antrenman yo. 

Apre match la se te yon kontantman total pou ekip Zili a. Tout moun te vin felisite Zili pou fason li te kontribiye nan viktwa ekip la. Tout moun ki te prezan nan match la te rekonèt talan Zili. E menm papa a te vin felisite l.

-Zili

-Wi papa

-M rekonèt talan w nan koze foutbòl la

-… Zili pat kab di anyen tèlman l te kontan

-Ou jwe byen. Watadi yon gason.

-Mèsi papa

-M panse w kab briye nan domèn sa. Menm si m ret kwè frè w yo t ap fè plis eksplwa.

– Petèt papa. Petèt

-M toujou ret kwè se yon jwèt gason men m panse sa paka anpeche w konstwi yon fwaye. Si w kontinye kenbe tèt ou epi aprann jere yon kay, se pa de moun ki pral goumen pou ou.

-Sa vle di papa, ou toujou rete kwè m pap anyen si m pa jwenn on gason ki vle ?

– Sa ap fè si w pa jwenn on gason ki vle w ?

– M ap ret pou kont mwen papa, ki pwoblèm ?

Zili pat ka konprann kòman apre l fin fè yon bèl eksplwa konsa papa l t ap mezire mounite l ak kapasite l kòm fanm pou l jwennyon gason. Zili li menm pat enterese ak bagay sa yo, li pat konprann yo, e l pat santi l nan nesesite pou l konprann yo.

Zili te satisfè dèske l te mennen ekip li nan viktwa. Dezòmè li te gen respè nan ekip la, tout moun te rekonèt talan l. Nan katye a, tout moun te gade Zili avèk konsiderasyon. Menm sila yo ki te di Zili ap bay jèn yo move egzanp te oblije respekte Zili dezòmè.

Talan Zili ak motivasyon l te vin rive endispansab pou ekip la,Zili te toujou bay tout li menm nan ekip lan. Malgre tout aktivite l yo li te toujou asire l li la nan tout antrenman yo epi bay tout li menm. Zili te pwogrese jiskaske l rive kapitèn ekip -17 la. 

Zili te kòmanse ap pran chè nan ekip la jiskaske yon bon jou, antrenè adjwen an vini kote l.

-Zili m felisite w pou talan w anpil. Ou konn jwe epi w trè pasyone. Se yon plezi pou je m gade w.

-Mèsi anpil

Zili te santi l malalèz pou jan antrenè adjwen an t ap pale avè l. Li te gen pase yon lane nan ekip la, miche pat janmè montre l yon enterè patikilye. Epi beidsoukou miche tonbe ap vin felisite l apre match.

-Zili ou ka pat janm remake sa men m te toujou montre m gen yon enterè espesyal pou ou.

-Mèsi. Reponn Zili pandan l ap eseye souri timidman

-Èske m kab envite w bwè yon bagay ?

-Non mesye. M pa konn bwè alkòl epi m vle rantre lakay mwen.

-Ebyen yon lòt fwa Zili

Depi jou sa, mesye sa te bay tèt li tout otorizasyon sou Zili. Yon bon jou, Zili te oblije al eksplike antrenè prensipal la kijan miche t ap opòtine l nan klèb la. Antrenè a te reprimande miche men sa pat sifi pou l te sispann asele Zili nan ekip la. Zili te vin konprann li pap jwenn yon solisyon dirab ak miche, li ale kot antrenè prensipal la, li mande l yon peryòd poz.

-Zili, ou malad ?

-Non

-Papa w toune nan ba w pwoblèm?

-Non

-Antrenman yo fatige w ?

-Non

-Ou pèdi gou pou foutbòl ?

-Non. Oh non !

-Anben kisa Zili ?

-M bezwen yon poz mesye.

– Men poukisa ? Pou konbyen tan ?

– M pa konnen. M ap avèti w lè m prè.

Antrenè prensipal la pat konprann anyen men l te reziyen l siyen papye ki sètifye Zili nan poz la. Li te vrèman espere nan fon kè l Zili ap tounen trè vit paske l te vin endispansab pou ekip la.  Tout moun te konte sou li, li te toujou bon nan tout match yo. Se sak fè l pat konprann lide poz Zili an.

Zili te retounen nan ti vi avan foutbòl li. Papa a  pat konprann men l te rejwi paske l te toujou espere Zili ap kite bagay sa pou l tounen yon tifi respektab. Antretan li rekòmanse konseye Zili konpòte l tankou tifi. Jan papa Zili te konseye l pou l vin yon fanm respektab la, si l te ankouraje l nan lekòl li konsa Zili tap briyan anpil. Men papa a te jis voye l pou voye. Paske manman an te fè l pwomèt l ap fè l rapousib etid li.

Zili te fè tout sak nan li pou fè mwayèn li. Li te toujou al nan kou, selebrite l pat anpeche l konpòte l tankou yon timoun nòmal. Li te konsantre lsou etid li ak sou fanmi l. Pafwa lèswa, lè l kouche l ap panse ak antrenman yo, ak klèb la, ak match yo, dlo konn kouri nan je l. Se pat yon desizyon ki te fasil pou li. Li te oblije kite ekip la pou antrenè adjwen an te kite l anrepo. Li te aprann kisa miche t ap fè lòt medam yo e l te prefere kite ekip la olye l sibi sa miche te pare pou fè l la. Nan sosyete nou, si yon fi al pote plent di gason asele l se nou menm yo akize a nkò. Malgre fi a viktim, bouwo a toujou jwenn sila k ap defann li. Zili pat prè pou sa. Kite ekip la te pi senp.

Se ak tout bagay sa yo Zili t ap panse kèk mwa apre epi madam lan fè Zili pantan.

-Zili,kisa w vle fè lè w fin lekòl ? 

Zili pat vle reponn, li pat konn sa l te dwe reponn. Tout pasyon l tout rèv li se te pou l te vin jwè foutbòl. Li pat janm prepare plan B, sèl deviz li se te ” Prepare yon plan A solid pou w pa oblije gen plan B”. Se lè sa Zili konprann li pa dwe abandone. Plan A a kab toujou ranfòse. Yon sèl kou tout bagay parèt klè nan tèt li. Li pa koupab, li pa gen dwa abandone espas pou aselè a. Yo ka pa kwè l si l al pot plent pou kò l men si l arive fè lòt medam nan ekip la pote plent, yo paka inyore yo tout.

Zili te santi l pare finalman pou l goumen pou rèv li.

-Zili ? Kisa w vle fè lè w fini lekòl ? 

-M vle kontinye fè sa m konn fè madam. M vle kontinye jwe foutbòl…

Magdala Louis

Magdala Louis fèt yon 20 desanm, l ap etidye sikoloji nan fakilte syans moun. Li se atizan tou. Rèv Zili se premye tèks li deside pataje ak piblik la.

Image de couverture : World #35, 2010. By Ruud van Empel. Courtesy Flatland Gallery (Amsterdam)


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *