Randevou avèk Òganizasyon feminis Dantò, yon nouvel estrikti feminis ki makònen ak listwa epi kilti peyi Dayiti

Spread the love

Dantò Feminis se yon òganizasyon ki pran nesans nan dat 3 avril 2020 . L ap batay pou kaba rapò inegalite nan mitan fanm  ak gason nan sosyete a.  Estrikti a konstwi vizyon politik li apati istwa rezistans, makònen ansanm ak konesans ki degaje sou bout tè peyi Dayiti. Jenn òganizasyon feminis sila a  a  konte òganize jounen jedi 8 oktòb 2020 an, a 2 zè nan apremidi sou paj fesbouk yo, yon brase lide avèk Danièle MAGLOIRE epi Françoise VERGÈS  anba tèm : Regard  sur le feminisme haitien et feminisme décolonial. 

Kiyès Danièle MAGLOIRE ye ?

Daniele MAGLOIRE se yon fanm k ap batay nan defann dwa moun, espesyalman pou fè respekte dwa fanm. Li se dirijan òganizasyon feminis Kay Fanm e li pote kole nan fòmasyon plizyè lòt òganizasyon fanm. Li se yon espesyalis nan bay akonpayman pou fanm ki viktim vyolans e li travay tou nan mete sou pye politik piblik sou vyolans k ap fèt  sou fanm ak egalite ant fanm ak gason. Li te kòdonatris Collectif contre l’impunité / Kolektif kont Enpinite, yon gwoup ki te fòme nan objektif pou te jwenn jistis pou krim rejim Divalye a te komèt.  Nan lane 2018, madam MAGLOIRE te resevwa nan men gouvènman kanadyen an : Pri champion des droits de la personne. Nan men komite 3 avril : groupe féministe de Montréal, epi nan men kilti egalite : association feministe Martiniquaise, pou patisipasyon l ak angajamn l nan òganizasyon ayisyèn k ap defann dwa moun yo.

Françoise VERGÈS

Madame VERGÈS grandi nan nan île de la Réunion  nan peyi Lafrans ak paran l avan li t al viv Paris, kapital peyi lafrans nan lane 1970, kote l te angaje l nan yon batay kont rasis ak kolonyalis  epi defann valè feminis. Nan lane 1983, madame VERGÈS te ale viv nan peyi Etazini kote l te travay kòm femmes de menages avan l te antame etid li nan  San Diego State University.   Li te fè yon doktora nan tewori politik nan lane 1995, li se pwofesè nan plizyè inivèsite nan  peyi Etazini. Madame Françoise VERGÈS pibliye plizyè atik ak liv ki trete sijè dekolonizasyon ak rasis tankou : Le processus de créolisation et le féminisme colonial, un feministe decolonial (2019), Une théorie féministe de la violence, Pour une politique antiraciste de la protection ka p pibliye nan mwa novanm 2020. Se pou tèt sa,  militant feminis anti rasis la ap gen pou pran la pawòl nan kad brase lide sila a  apremidi 8 oktòb la, sou tèm feminisme décolonial : methodologie, pratique dans le sud global.

Kisa feminis dekolonyal la ye ?

Feminis dekolonyal la se yon kouran feminis ki chita sou opresyon oubyen dominasyon ak batay fanm ki sibi rasis yo. Se yon ansanm kritik fanm k ap viv nan peyi ki te nan esklavaj yo fè sou feminis ki santre sou koulè po blanch yo, ki pa mete aksan sou sa fanm ki sibi rasis oubyen ki pòv yo ap sibi. Selon fanm ki fè pati oganizasyon feminis Dantò yo, feminis dekolonyal la pa baze sèlman sou patriyaka (sistèm sosyal kote se gason sèlman k ap dirije), men li ap batay tou kont seksis, enperyalis ak kapitalis.

Òganizasyon feminis Dantò vize pote kolaborasyon l nan mouvman feminis ayisyen an , pandan li makònen ak istwa peyi a, e poze pwoblèm kategori fanm ki pi vilnerab yo tankou : ti machann, ouvriyèz yo, tout fanm ki soti nan yon klas soyal pòv an jeneral. Se yon vizyon feminis ki mete aksan sou kondisyon materyèl egzistans fanm ki pi pòv nan sosyete a, men tou gade kijan yo kapab kraze rapò ki  mete kategori fanm sa yo nan pozisyon ki pi minimize oubyen meprize nan sosyete a. Vizyon feminis Dantò a gen je li  brake tou sou plizyè kategori pouvwa tankou rapò pouvwa ki bati sou sèks, klas ak koulè, ki selon medam ki fè pati òganizasyon sila a, jwe yon gwo wòl nan sitiyasyon dominasyon fanm ki pi pòv yo konnen nan sosyete ayisyèn nan.

Nan kad brase lide sila a k ap an dirèk sou paj fesbouk Dantò ak Banj lan, entènot yo ap gen chans asiste ak yon bèl deba sou feminis, kote yo pra l dekouvri filozofi ak objektif òganizasyon feminis Dantò kòm estrikti feminis tou nèf la, epi  fason yo wè ak abòde kesyon feminis lan nan sosyete ayisyèn nan. Nan sans sa a, responsab yo kase randevou jounen jedi 8 oktòb la a dezè nan aprèmidi pou yon deba k ap envite tout moun reflechi sou mouvman feminis lan an Ayiti.

Clairvina DOSSIÉ


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *