Nesans apre nesans

Spread the love


Emosyon vle bwote m
Lè m plonje nan mwen
Dout anvayi kè m
Lè m kontre ak mwen
Chak fwa mwen tonbe
Solèy lonje m lamen
Mwen sispann bouske lonbray
Pou rejwenn nanm mwen
Mwen aprann anpil sou chimen
Mwen grandi nan chak souf
Mwen pèdi fèy
Men mwen soude ak rasin mwen
M ap refleri nan lòt zezon.

Lovelie Metellus


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *