Litani: yon tèks eslam ki anonse “EP” eslamèz Négresse Colas

Spread the love


Négresse Colas se yon powetès ki fè eslam tou. Li gen 25 lane e li deja soti plizyè eslam, ki gen karaktè angaje. “LITANI” se dènye eslam li ki sòti pa twò lontan, ki anonse yon pwojè atis la genyen ki se sòti yon “EP”.


Pou moun ki pa konnen l, yon “EP” se tankwè yon mini albòm, diferans li ak albòm nan, li pa gen menm kantite zèv sou li tankou yon albòm ta ka genyen. “San” se tit “EP” sa a, Négresse Colas gen pou l sòti nan jou k ap vini yo la. Pou atis la, se yon lòt fason pou li pale de NANM, ki ta li menm vle di, esans.

“San sa a se yon apèl ak yon rapèl. Yon apèl pou nou fè yon konplo kont move lavi ak lawont ki vle etenn nou kòm pèp”. Se konsa jenn fanm nan dekri pwochen zèv li a. Li kontinye pou l di: “Yon rapèl pou di nan venn nou se san Desalin, Sanit Belè, Tòya, Marijàn, Boukmann, Makandal k ap koule. Gen sakrifis ki te fèt nou paka pèmèt tèt nou etenn. Nou gen yon dèt memwa anvè zansèt yo, anvè tè ki resevwa epi nouri nou an epi anvè tèt nou kòm nasyon ki pataje yon espas ak plizyè lòt”. Pou Négresse Colas, “San” se yon envitasyon pou nou rele chalbare dèyè kilti apatrid k ap devlope nan mitan nou an. “Nou bezwen ankraj”, se sa li di.

Sou “EP” sa a, se pa sèlman vwa eslamèz la n ap gen pou n tande. N ap gen posibilite tande lòt eslam, k ap koule nan vwa lòt kolaboratè atis la envite sou pwojè a. Négresse Colas, pa kache di li fè eslam angaje, e li pa rate yon okazyon pou l fè sa non plis. Men, sou pwochen “EP” a, ap gen kèk tèm tankou lanmou, moun, doulè ak renesans k ap trete.

Kanta pou litani menm, se dènye eslam atis la soti. Négresse Colas eksplike: “Se yon kri kont machin ensekirite sa ki deklannche kont nou depi twò lontan deja. Se yon son ki te merite egziste paske lari a w a di se simityè pèp la kounya”. Eslam nan ap gen yon video k ap soti ak li. L ap disponib sou YouTube ak Facebook sou non Négresse Colas.

Akoz gwo kokenn chenn pwojè sa atis la genyen an, li konte fè yon vant siyati pou l prezante piblik la li. L ap vini ak dat epi kote evenman sa ap fèt nan jou k ap vini la yo.

Anplis de eslam, Négresse Colas ekri tou. Li ekri yon rekèy powèm an franse ki rele « Mes marques, mon histoire ». Li te genyen yon pri nouvèl nan yon konkou ki te fèt peyi Lafrik « Prix de la saison des lettres congolaises ». Li se tou, responsab kominikasyon nan festival entènasyonal literati kreyòl, responsab lojistik ak distribisyon nan Éditions Couleur D’Encre. Anplis de tout chapo sa yo, li se antreprenè.

Aktyèlman, Négresse Colas ap travay sou yon rekèy powèm an kreyòl li swete pibliye nan pa lontan.

Darline Honoré


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *