Johanne Elima marye pasyon ak pwofesyonalis pou l fè grafis

Spread the love

Johanne Elima etidye kominikasyon sosyal nan Fakilte Syans Moun ki nan Inivèsite Leta Dayiti (ndrl : Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l’Université d’Etat d’Haïti (UEH). Apre premye eksperyans travay nan kominikasyon maketin ; li te pran wout konsepsyon grafik kote li marande dinamis ak yon pasyon eksepsyonèl nan travay li. Johanne Elima renmen bay travay ki fè  kliyan l yo plezi pandan li met tout kreyativite l nan sa l l ap pwodwi. Anpil inisyativ tankou biznis rekonèt epi bay Johanne kontra akoz kalite travay li. 

Johanne Elima koumanse nan domèn grafis depi plis pase 4 lane. Sa te rive  lè l pral wè travay yon moun fè  epi li pral eseye chache konprann pwosesis reyalizasyon travay sa a. Daprè sa Johanne fè konprann, moun sa a  pral ba l premye konesans yo, epi li menm li kontinye fouye plis, yon mannyè pou l te kab gen tout zouti ki nesesè  pou l te kab pratike l. Li kontinye aprann gras ak kontni li te jwenn sou sit entènèt   tankou Youtube epi ti pa ti pa, se yon veritab pasyon  Johanne vin devlope pou sa li kalifye kòm yon pwofesyon ak yon pasyon. « Mwen pa t janm sispann travay chak jou jiskaske grafis vin pase de yon pasyon a yon aktivite kote m kapab  fè kòb ak li. »

Se konsa Johanne mete sou pye Kreyativa, nan lide pou nan kèk ane  pou l gen yon ajans kote l ap kapab kontinye bay sèvis grafik ak lòt travay ki lye avèk kominikasyon. « Se kote kreyatif la ki enterese m nan Kreyativa, kote mwen gen yon gwo posiblite pou mwen kreye, pou mwen reflechi, pou m pote solisyon ak pwoblèm yon kliyan kapab genyen. »

Johanne pa panse li viv grafis yon fason diferan de gason. Sofke, gen yon rega seksis yo poze sou travay li antanke fanm ki nan yon domèn ki pa gen anpil fi ki pratike l : « Nan relasyon ak kliyan, genyen ki konn etone konnen mwen kab bay kalite travay mwen konn bay yo.  Genyen tou ki konn gen dout lè  yo poko wè travay mwen ak kapasite m lè yo konnen se yon fi mwen ye. » Johanne fè konnnen li pa panse pratike grafis la kòm fanm kapab gen yon patikilarite ladan dapre sa a li viv.

Johanne travay chak jou pou l kapab òganize travay li pi byen.  Li eseye swiv yon metòd travay kote lè yon kliyan antre an kontak ak li pou yon travay vizyèl, li enskri l nan kalpen l ak nan yon ajennda sou laptop li tou, pou li pa bliye travay li gen pou l fè. Lè pou l kòmanse , li  fè yon batbouch  ak kliyan an pou li wè e konprann sa li vle ; epi li pase nan faz konsepsyon an. Se konsa li kòmanse travay. Answit, li izole tèt li pou l rive jwenn yon ale mennen vini ant kapasite kreyasyon li ak konpetans pwofesyonèl li. Se konsa li kontinye travay la jiskaske li bay yon pwodwi ki satisfè kliyan an. An rezime, se premye kontak la ak kliyan an answit planifikasyon travay la, brifing epi stad kreyatif la li swiv.  Yon planifikasyon fen ki mache ak yon sousi pou bay travay kalite : « Se yon sèvis dijital men mwen toujou asire  m si m  fè yon logo, yon afich pou m konnen tout bagay byen pase. »

Johanne  Elima fè konnen, nan sa l ap pwodwi, pasyon ak pwofesyonalis toujou gide l: « Slogan nou nan Kreyativa se : Pa gen anyen ki gran ki fèt  san pasyon. » Toutfwa, si Johanne Elima te sitou rive fòme tèt li poukò l nan domèn nan, li rekonèt genyen kèk konsèy li  kab bay pou yon moun reyisi nan domèn nan. Li panse li enpòtan pou moun nan  kab jere relasyon ak kliyan an.« Fòk li pa annik rete dèyè  yon odinatè pou l di l ap travay men fòk li kapab jere aspè relasyonèl la byen. Fòk moun nan òganize  sitou si l se yon pwofesyonèl endepandan (freelance), fòk moun nan kreyatif epi fòk moun nan gen anvi konnen sa k ap fèt nan domèn nan. »

Johanne Elima konstate tou, an Ayiti nou yon jan anreta tou parapò ak sa k ap fèt lòt kote yo. Se yon domèn ki chaje nouvote ladan. « Li t ap bon pou moun ki vle vin yon bon grafis chèche konnen kijan domèn nan ap evolye epi amelyore l chak jou ».

Daprè  Johanne, menmsi grafis se yon travay ki kab difisil, li chaje bèl souvni ki fè l anvi kontinye bay bourad ak metye sa a. « Gen anpil eksperyans m fè ak yon seri kliyan ki make m yon fason ki pozitif, lè m rive sène bezwen yon kliyan pafwa ki paka fin eksprime sa l bezwen, sa konn etone m lè mwen fin bay yon premye eleman travay; epi kliyan an di m se egzakteman sa li te vle a. »

Eksperyans sa yo toujou fè Johanne reyalize se pa  sèlman talan li genyen, men tou li vin devlope kapasite pou l genyen yon koneksyon ak kliyan yo e lè konsa sa a fè l kab di se yon bèl eksperyans sa ye.  

Jeanne-Elsa Chéry


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *