Nèg dous mwen
Doudous mwen
Kè brize m nan chemen jennen
Batman tche m!
Dwòg ki anvlimen pousyè anvi m
Nan bra w
byennèt mwen fè eskal
Nan yon ri k manke souri
Chalè m monte
Mwen pa egziste pou pèsonn ankò
Ou fè m pran gou lavi
Anba pla pye m kite kri kèw
Ou fè m kwè nan lanmou
Kite w pa ekri nan vokabilè m
Mwen pa p janm sispann fè wout lanmou
nan dlo je w
menm lè l ka pa kite mak
Ou se dlo k pase swaf mwen
pandan vant anm plen ak lanmou
Ou met nan lanmou m
Mariusca Alphonse

Bel teks , m panse se de mwen wap pale
Lolllll bae
Text la kom si woww! Tchebe pi fo pajanm lage kout plim ou.
Mèsi
Text la just woww!
Mèsi Dieulin Ostavien
Bon travay Mariusca!
Men tèks la fèm jalouzman… anplis medam yo pa toujou eksprime sa yo santi…
Felisitasyon se yon bèl tès liye map mande poul bow plis enspirasyon pou ekri yon pi bèl tès konsa anko
Mési!!
Mwen ap kontinye!!
très bien! toutes mes félicitations, continuer comme ça.
Bon bagay cheri a kenbe la!
Mèsi!!
Merci!!
Bèl tex li ra pou jwenn fi ekri konsa kontinye konsa
Mési!!
Mw renmen sa, ou ka fe plis toujou 📝
Mèsi!!
Mwen ap kontinye travay!!
C’ est très bien ce texte, continue ainsi. Bon travail.
Merci!!
Fanm dous mwen.
Mési love!!