Fè limyè pou nanchon an

Spread the love

Lonbray touye tèt li
Limyè kraponen
Kou ravèt anba pye
Koukouy etenn
Pa klere tèt li
Kot zantray ap konte
Twou bal pou grenn lapli

Isit
Tout palmantè tout senatè
Byen chèlbè ak jilèpabal lawont yo
sou yo

Elas papa Loko
Menm EDH pa wè kote l prale
Fè limyè pou nanchon an Fè limyè
Pami diri
Kòlè n va goute grès

Jeanne-Elsa Chéry

CP: Ludmillo Pierre


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *