EN POEMES
Nan toufe yon laperèz

Nan toufe yon laperèz
Nan mi kay
Trip mwen anfle tankou bonbonfle
Lapoula tout nouvèl
Gen gou fèy sèch nan bouch mwen
Mwen tou vaksinen kont kè pòpòz
Lespri m sispann dodomeya
Tout branch cheve m se antèn
Yon move zè ki mare lemonn nan trip
Tèt mwen plen pase bèf plenn
Bonbonfle gen bon do
Pito m te otorite isit
Sou wout vaykevay
Anyen pa ta detounen m.
Jeanne-Elsa Chéry
Image de couverture : Munch, Le cri (1893) / Edvard Munch [Public domain]