Cheri m anvi griye
Tout prensip baryè
Pou dodomeya nan pòt kè w
Fonn avè w
Devlope antikò
Pou tout viris koupe n koutje
Wout Dèlma temwen
Lanmou lisansye nou
Kouvrefe jwèt marèl
Timoun 10 zan
Gout souf ou
Sèl bwason ki fonn swaf mwen
Lento sonnen minui
Tout polisye gen òkèt
Wout kay ou sèl aywey
M renmen pase
Depi m wè w
Kè m gagari tout mizik
Sou son mach pye w
M anvi konfine avè w
Swe kò nou
Angrè pou vale latibonit
Kò m pèdi fò m
Nan deranchman nou
Mackenda Déliasse

Photo de couverture : Dessin de Kervens Prévaris
Ou se yon bote
Tout sak soti nan bouch ou se yon antidòt
Ou rive derasinen tout vye estrès nan nanm nou
Ekritiw yo fèn bliye sin pa dwe met men nan bouch
Ou fè n deposede tèt nou
Poun panse ak chak pawòl ou
Botew se alkòl gel poun lave zye nou