Pwoblèm achiv nan peyi Dayiti

Spread the love

Yon achiv se yon eleman enpòtan pou on teritwa. Pa egzanp li kapab ede li defini identite li. Li lye ak memwa on pèp, ak patrimwan li ka kite.

Achiv la se on ansanm dokiman, ki ka pèmèt syantifik ki entèrese ak syans moun epi konsèvasyon jwenn sous pou li kore agiman li kapab pote swa nan kad on memwa on atik, ou byen on liv. Achiv la pa sèlman benefik pou moun kap fè rechèch, li se yon zouti tou pou pwofesè istwa, elèv ou byen on senp moun ki ta renmen konnen plis sou idantite li. Si achiv enpòtan konsa kisa ki fè gen difikilte konsa pou moun jwenn yo an Ayiti?

Moun kap fè rechèch nan syans moun epi kèk lot syans tou an Ayiti konnen sa byen, li difisil anpil  pou pwouve kèk agiman ou ka pote nan travay ou, paske nou pa genyen yon kilti konsèvasyon ak rejis nou yo. Enstitisyon ki responsab koze achiv nan peyi a (Archivres Nationales d’Haïti, et La Bibliothèque Nationale d’Haïti)  ap konfwonte ak tout pwoblèm, epi move jesyon fè ke achiv peyi a trè mal oganize epi pa disponib tou. Mete sou sa, yo limite travay yo ak distribisyon ekstrè d’achiv, oubyen jere liv. Travay achiv la pa sa sèlman.

 Gen anpil agiman ki ta vle eksplike ke sa soti depi tan lakoloni kote pou esklav yo te ka koupe fache ak kondisyon yo, yo te oblije boule anpil bagay. Men nou kite tan lakoloni depi de syèk epi nou toujou gen menm pwoblèm konsèvasyon.  Pwoblèm sa ka jwenn repons li sou politik gouvèneman ansyen nou pase yo, ki pa bay tèt li kòm misyon pou pwoteje oubyen idantite ak kilti nou genyen.

Nou pale de idantite nan atik sila paske, premyèman li se on bagay ki enpòtan pou on pèp men tou se on sijè ki fenk kare tanmen nan sosyete a paske jiska prezan pèp la poko konnen kiyes li ye, li poko ka defini li a koz de tout enfliyans li resevwa nan men gwo peyi ki swa te kolonize nou, ou byen te okipe nou. Pou lektè ki ta renmen li plis sou koze sa, mwen envite yo komanse pa yon dokiman ki ase founi ke doktè Jean Price Mars te ekri an 1928 “Ainsi Parla l’oncle”. Rapò nou ak idantite nou defini anpil bagay anpil reyaksyon nou genyen tou pa rapò ak konpòtman nou.

Menm koze idantite sa, fè ke nou pa deplwaye mwayen pou konsève sa ki fè ke leta pa mennen on politik pou konsève dokiman ki fè de nou menm on pèp. San konte tou pa gen okenn lekòl an Ayiti ki aprann metòd konsèvasyon sa ki fè ke menm si ta genyen achivis ayisyen kal fòme nan peyi lòt bò, gen dwa pa rive aplike metòd konsèvasyon sa yo an ayiti, paske reyalite peyi oksidantal yo ak isi a pa menm.

Kijan nou kapab rekonsidere konpreyanson pèp la sou sa ki rele achiv la?

Achiv la pa sèlman de seri de dokiman ofisyèl ke Leta peyi a kapab founi. Li se tout lòt dokiman ke se swa nan jounal, nan lekòl, nan meri, nan ofis eta sivil, televisyon, radyo, nan mize, nan enstitisyon prive…. Brèf se tout dokiman ki siseptib pou li rakonte listwa on zòn on vil, ou byen on moun. Ki donk achiv pou konpreyansyon nou pa kabap sèlman rezime ak on grenn enstitisyon ki sèlman fokalize li pou founi teritwa a ekstrè ak ofisyel ki gen rapò ak yo. Li sipoze on enstitisyon ki desantralize epi ki ap jere dokiman ofisyèl yo.

Anplis pou sa ki gen rapò ak dokiman nimerik yo, fok enstisyon yo mete a jou nòm konsèvasyon dokiman si la yo ki kapab itil, pou bay laverite sou listwa pèp la. Pou yo pa bay moun zannana pou sizan. Lèfini pou sa ki gen rapò ak konsèvasyon liv, bibliotèk  nasyonal peyi a dwe genyen yon politik tou pou li konsève liv ki pi ansyen pou pèmèt moun kapab jwenn dokiman sa yo pi fasil.

Finalman, nou vrèman sipoze rewè metòd konsèvasyon achiv yo, paske  yon peyi sijè ak evolisyon epi transfòmasyon. Evolisyon sila yo kapab fèt anbyen ou byen yo kapab fèt an mal. Nan ka pa Ayiti a nou pa bezwen retounen ak aktyalite yo pou nou konprann ke se yon peyi ki pap fonsyonne. Men pou konprann sa peyi a ap travèse achiv yo enpotan anpil e yo kapab pèmèt moun ki gen konpetans pou sa pwopoze solisyon tou ak pwoblèm lan. Li pèmèt nou wè oryante nou tou pa rapò ak pwoblèm sosyal peyi a ap konfwonte.  Epi, li se yon bon zouti pou pèmèt pèp la konnen kiyes li ye epi chèche chimen pou li konnen kote li dwe ale.

Naïza Fadianie Saint Germain

Etidyan Mastè 1 Istwa

naizafadinaie@gmail.com

Yon achiv se yon eleman enpòtan pou on teritwa. Pa egzanp li  kapab ede li defini identite li. Li lye ak memwa on pèp, ak patrimwan li ka kite. Achiv la se on ansanm dokiman, ki ka pèmèt syantifik ki entèrese ak syans moun epi konsèvasyon jwenn sous pou li kore agiman li kapab pote swa nan kad on memwa on atik, ou byen on liv. Achiv la pa sèlman benefik pou moun kap fè rechèch, li se yon zouti tou pou pwofesè istwa, elèv ou byen on senp moun ki ta renmen konnen plis sou idantite li. Si achiv enpòtan konsa kisa ki fè gen difikilte konsa pou moun jwenn yo an Ayiti?

Moun kap fè rechèch nan syans moun epi kèk lot syans tou an Ayiti konnen sa byen, li difisil anpil  pou pwouve kèk agiman ou ka pote nan travay ou, paske nou pa genyen yon kilti konsèvasyon ak rejis nou yo. Enstitisyon ki responsab koze achiv nan peyi a (Archivres Nationales d’Haïti, et La Bibliothèque Nationale d’Haïti)  ap konfwonte ak tout pwoblèm, epi move jesyon fè ke achiv peyi a trè mal oganize epi pa disponib tou. Mete sou sa, yo limite travay yo ak distribisyon ekstrè d’achiv, oubyen jere liv. Travay achiv la pa sa sèlman.

 Gen anpil agiman ki ta vle eksplike ke sa soti depi tan lakoloni kote pou esklav yo te ka koupe fache ak kondisyon yo, yo te oblije boule anpil bagay. Men nou kite tan lakoloni depi de syèk epi nou toujou gen menm pwoblèm konsèvasyon.  Pwoblèm sa ka jwenn repons li sou politik gouvèneman ansyen nou pase yo, ki pa bay tèt li kòm misyon pou pwoteje oubyen idantite ak kilti nou genyen.

Nou pale de idantite nan atik sila paske, premyèman li se on bagay ki enpòtan pou on pèp men tou se on sijè ki fenk kare tanmen nan sosyete a paske jiska prezan pèp la poko konnen kiyes li ye, li poko ka defini li a koz de tout enfliyans li resevwa nan men gwo peyi ki swa te kolonize nou, ou byen te okipe nou. Pou lektè ki ta renmen li plis sou koze sa, mwen envite yo komanse pa yon dokiman ki ase founi ke doktè Jean Price Mars te ekri an 1928 “Ainsi Parla l’oncle”. Rapò nou ak idantite nou defini anpil bagay anpil reyaksyon nou genyen tou pa rapò ak konpòtman nou.

Menm koze idantite sa, fè ke nou pa deplwaye mwayen pou konsève sa ki fè ke leta pa mennen on politik pou konsève dokiman ki fè de nou menm on pèp. San konte tou pa gen okenn lekòl an Ayiti ki aprann metòd konsèvasyon sa ki fè ke menm si ta genyen achivis ayisyen kal fòme nan peyi lòt bò, gen dwa pa rive aplike metòd konsèvasyon sa yo an ayiti, paske reyalite peyi oksidantal yo ak isi a pa menm.

Kijan nou kapab rekonsidere konpreyanson pèp la sou sa ki rele achiv la?

Achiv la pa sèlman de seri de dokiman ofisyèl ke Leta peyi a kapab founi. Li se tout lòt dokiman ke se swa nan jounal, nan lekòl, nan meri, nan ofis eta sivil, televisyon, radyo, nan mize, nan enstitisyon prive…. Brèf se tout dokiman ki siseptib pou li rakonte listwa on zòn on vil, ou byen on moun. Ki donk achiv pou konpreyansyon nou pa kabap sèlman rezime ak on grenn enstitisyon ki sèlman fokalize li pou founi teritwa a ekstrè ak ofisyel ki gen rapò ak yo. Li sipoze on enstitisyon ki desantralize epi ki ap jere dokiman ofisyèl yo.

Anplis pou sa ki gen rapò ak dokiman nimerik yo, fok enstisyon yo mete a jou nòm konsèvasyon dokiman si la yo ki kapab itil, pou bay laverite sou listwa pèp la. Pou yo pa bay moun zannana pou sizan. Lèfini pou sa ki gen rapò ak konsèvasyon liv, bibliotèk  nasyonal peyi a dwe genyen yon politik tou pou li konsève liv ki pi ansyen pou pèmèt moun kapab jwenn dokiman sa yo pi fasil.

Finalman, nou vrèman sipoze rewè metòd konsèvasyon achiv yo, paske  yon peyi sijè ak evolisyon epi transfòmasyon. Evolisyon sila yo kapab fèt anbyen ou byen yo kapab fèt an mal. Nan ka pa Ayiti a nou pa bezwen retounen ak aktyalite yo pou nou konprann ke se yon peyi ki pap fonsyonne. Men pou konprann sa peyi a ap travèse achiv yo enpotan anpil e yo kapab pèmèt moun ki gen konpetans pou sa pwopoze solisyon tou ak pwoblèm lan. Li pèmèt nou wè oryante nou tou pa rapò ak pwoblèm sosyal peyi a ap konfwonte.  Epi, li se yon bon zouti pou pèmèt pèp la konnen kiyes li ye epi chèche chimen pou li konnen kote li dwe ale.

Naïza Fadianie Saint Germain

Etidyan Mastè 1 Istwa

naizafadinaie@gmail.com


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published.