Se manti lespwa nouri lavi
Oubyen se vre
Engra pa gen memwa
Lespwa pote lavi sou do
Li panse l pile teta
Li dechire l ak kwòk li
Li lage l nan raje
Pou chen mawon manje l
Kote lespwa ye
Kote lavi lage l
Pèsonn pa konnen
Ekla ri ra
Tankou
Fèy pyebwa ki grandi nan bab van
Lakontantman jouke makout li
Kote men l pa rive
Gen yon plenyen
Yon kòd nan ren
Je pa ka wè
Yon kè sere
Yon kè sote
Yon tèt fè mal
Kap pwomennen
Yon manje dan kap di si m te konnen
Pa gen kriye
Se vre
Men gen yon kè senyen
Yon larivyè lapenn
Yon plenn nan gòj
Ki pa ni monte
Ni desann
Kote lespwa
Pèsonn pa konnen
Genlè se toutbon
Engra pa gen memwa
Toutbon
Lavi tchake lespwa.