Spread the love

Depi lè m kontre w la
tout maladi damou
se nan kò m yo kase randevou
ou mete m dozado
ak lonbraj mwen

Tanpri cheri pran pèz kè m
avan santiman m boude tèt li
w a konnen jan loraj fè kòlè
lè lapli fè l je dou
(…)

Tanpri pran pwa kè m
wa konnen jan lari
fè rim sou pòv nan ri Pave
jan grangou
fè Timoun Channmas sezaryèn

Pran pwa kè m cheri
Wa konnen konbyen moun Tibwa
legliz bay move jan

Konbyen vèsè yo mete nan kwi n
pou n soupe
konbyen pwosè ki mawon malere
Epitou nan ki dwèt pous
Kòb Petwokaribe a fè nich

Cheri rete pi pre m
w a konnen nan ki fas
biyè mil goud pot sekrè degre vòt
Wa konnen konbyen foto kandida
ki pran souri timoun lari nan pèlen

Rete pi pre m cheri
m a renmen w ak bouch louvri
san benefis
m a renmen w toutouni

Jessica Nazaire
Nan : Pwa grate


Spread the love

One Comment

  1. Avatar
    Leprince

    Mwen renmen w

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *