gade bouch li
yon zòtolan k ap pran vòl
rive sou wout
kase tèt tounen
yon souri nan kwen k ap lemante kè m
yon fèy bwa k ap tonbe
gade bouch li
yon sous dlo benit
nan sezon sechrès
l ap souse koule sou beton
ala naje m ta naje
ban m dlo cheri
mwen swaf
Kermonde Lovely Fifi
Bèl kout plim anba men yon powèt bouch siwolin