Nou kabicha sou fontyè lavi
Tout rèv nou kaye
Lari a pèdi fòm
Lè van dodomeya sou syanm
Tout sousi gonfle
Ti mari pa monte
Ti mari pa desann
Kabwèt kole tout bèf chanje non
Nan mal tonbe n a chante libera mal kòche
Tout priyè gen amèn
Avan ayibobo tout bouji kaba
Se nan swe kò n solèy fè laplanch
Lè lanati ap mare min
Lè sant lagon ap debòde
Tout tounen mande bazilik
Yon yaya ti wowo
K ap tann yon kout chika
Avni tout site pann
Nan makout mazaka peyizan
Tout vil yo pèdi somèy
Kote fatra bay akolad
Nan enfrastrikti chikata
Nephtalie Dantès