Yon fi, yon gita, yon vwa

Spread the love

Anpil atis ayisyen patisipe nan richès mizikal zile a. Plizyè lane aprè, se vre n ap dekouvri lòt atis, lòt talan, men nannan mizik ayisyen an pa t ap sa l ye jounen jodi ak, san on pakèt kontribisyon, san nou pa bezwen site non. Fanm kou gason kontribiye nan kokenn chenn eritaj mizikal sa a. Jan BIC ta ka di l, pami fanm sa yo, « Lumane Casikmir » se youn nan yo. Nan sans sa a, yon latriye jenn fanm ak jenn gason nan vil Laskawobas deside rann potorik fanm sa a, yon kokenn chenn omaj nan yon espektak yo batize, « Yon fi, yon gita , yon vwa »

“Espektak sa a pati nan menm lide 4triyèmedisyon goûter littéraire la ki vle onore batay ak zèv yon Seri fanm te mennen pou byennèt limanite”. Se konsa responsab aktivite sila a dekri espektak la. Se yon espektak tou k ap antre nan kad seri aktivite ekip la ap tanmen, pou anonse katriyèm edisyon “Goûter littéraire” k ap tabli nan vil Laskawobas, Beladè, Kanj ak Mibalè.

“Yon fi, yon vwa, yon gita” se yon espektak k ap prezante “Lumane Casimir” nan yon resi ekriven  Evelyne Trouillot li menm li ekri. Espektak la ap fè 30 avril k ap vini la a, e se 4 jèn laskawobasyen (3 fi, yon gason) k ap gen pou jwe l. Se ap yon melanj chante atis la te konn chante sou sèn, ak tèks Evelyne Trouillot a. Inisyativ sa pran nan lide pou pemèt piblik Laskawobas la dekouvri “Lumane” ki se yon patrimwàn anpil moun nan jenerasyon jounen Jodi a pa konnen.

Pou katriyèm edisyon “Goûter Littéraire” la, ekip la vle patisipe nan dekonstwi Yon Seri  stereyotip ki vle fè timoun yo kwè gason siperyè ak fanm, sèks fanm fè Li se yon èt ki fèb, ki dwe sou kontwòl gason, elatriye. Se Yon modèl edikasyon diskriminan ki soti nan fanmi, pase nan lekòl epi ranfòse nan konsepsyon sosyal yo. Pou sa, yo vle atire atansyon sou diferan fòm batay medam yo ap mennen depi lontan  epi fòme timoun yo yon lòt jan pou yo menm yo konsyan epi enplike yo nan batay pou yon sosyete egalego ki pa gade moun sou baz sèks yo men pito sou kapasite yo kòm moun.

Youn nan responsab aktivite sila a pale pou l di: :Nou reyalize fanm yo mennen anpil batay, angajman yo anpil poutan listwa souvan bliye yo oubyen fè yo parèt tankou moun ki te akonpaye men ki pa janm devan sèn”. Se nan lide sa yo deside mete “Lumane Casimir” alonè.

Ekip la gen plizyè lòt bagay nan djakout li. Tankou, espektak “Defile”, ki ap yon teyat nan lari, k ap prezante divès pèsonaj fanm nan listwa ayisyen an tankou, Marie Jeanne, Claire Heureuse… Yo gen tou yon klèb Jenn fanm ki ap monte pou n
ekri pwezi, diskite epi pran pawòl nan espas desizyon yo. San konte pwosesis pou monte Yon klèb Tifi tou k ap reyini nan Bibliyotèk la epi pou yo fè fòmasyon pou yo.

Tout moun deja byen vini nan espektak la l ap fèt 30 avril k ap vini la. Daprè jan piblik la reyaji, atis yo kab rejwe espektak la.

Darline Honoré


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *