TEKNOLOJI AN KREYÒL, INISYATIV YON FANM AYISYÈN NAN DOMÈN TEKNOLOJI!

Spread the love

Teknoloji an Kreyòl se yon espas kote divès pwofesyonèl ak pasyone teknoloji mete ansanm pou pataje konesans ak eksperyans yo epi rive aprann tout sa ki gen rapò ak nouvo teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon nan lang kreyòl ayisyen an.

Pou konprann pi byen kisa Teknoloji an Kreyòl la ye, ekip redaksyon « Mus’Elles » la te kontakte responsab inisyativ sila a, Madan Sophia Bruny Jasmin pou yon echanj k ap founi plis detay sou inisyativ li pran pou fè moun pi konprann teknoloji nan lang Kreyòl ayisyen an.

Mus’Elles: Di nou kiyès Sophia Bruny Jasmin ye?

Sophia B. Jasmin: Mwen se Sophia Bruny Jasmin, mwen se yon fanm marye ki gen yon pitit gason senk (5) lane. M ap viv nan eta ‘’ Massachusetts’’ nan peyi Etazini. Mwen etidye syans enfòmatik Ayiti. Mwen kontinye etid mwen nan peyi Etazini nan lane 2010, kote mwen etidye rezo ak administrasyon . Mwen se yon teknisyèn nan konpayi IBM, mwen ranje laptòp, sèvè, dèkstòp, elatriye. Mwen se yon teknisyèn espesyalize nan pwodwi Apple tou.

Mus’Elles: Kisa Teknoloji an Kreyòl la ye?

Sophia B. Jasmin: Teknoloji an kreyòl se yon espas kote nou pataje konesans sou kesyon teknoloji , tout sa moun ta renmen fè, men yo gen difikilte pou yo fè l paske enfòmasyon yo an anglè. Teknoloji an kreyòl la pou l aprann moun kijan yo kapab itilize yon òdinatè ak tout dènye teknoloji ki vini sou mache a nan lang kreyòl. Teknoloji an Kreyòl la tou pou l aprann moun nan lang kreyòl kijan pou yo fè diferans ant plizyè pwodui yo itilize nan domèn teknoloji.

Mus’Elles: Kisa ki pouse w pran inisyativ sila a?

Sophia B. Jasmin: Nan lide pou akonpaye, epi ede lòt moun melanje ak pasyon mwen genyen pou teknoloji. Se nan sans sa a mwen te wè nesesite pou m kreye yon espas kote m ka pataje enfòmasyon yo pi byen konsa plis moun ta kapab benefisye èd sila a. Lè yon moun mande m esplikasyon sou yon bagay, mwen twouve li enpòtan si l sou fòm titoryèl konsa moun nan ka gen bon vizyèl sou kòman pou l fè sa. L ap jwenn plis enfòmasyon epi l ap ka sere videyo sa pou l gade l ankò si l vle epi pataje l ak lòt moun.

Mus’Elles: Èske w genyen lòt teknisyen k ap ede w avanse nan inisyativ sa a? Si wi èske gen fanm ladan yo. Si genyen, konbyen yo ye?


Sophia B. Jasmin: Teknoloji an Kreyòl se yon gwoup dinamik ki ouvè pou fasilite travay lakay jèn, pou kounya a mwen se sèl teknisyèn k ap evolye nan teknoloji an Kreyòl, men nou swete genyen lòt teknisyen –èn toujou ofiramezi n ap avanse. Men gen lòt moun nan ekip la k ap ede nou avanse nan domèn grafik ak konsepsyon. Nou genyen Emmanuella Laventure Israel, sèl fanm ki nan ekip la. Li pa teknisyèn, men li fè pati administrasyon Teknoloji an Kreyòl.

Mus’Elles: Kisa teknoloji an kreyòl kapab pote anplis nan fason ayisyen ap itilize teknoloji Ayiti?

Sophia B. Jasmin: Teknoloji an Kreyòl kapab pote anpil nouvote nan fason moun ap itilize teknoloji a, sitou aparèy elektwonik yo. Nou pran angajman pou n moutre kijan yon moun kapab itize teknoloji ak aparèy elektwonik san li pa mete lavi l ak lavi lòt moun an danje. Nou vle asire pou jenerasyon k ap vini an kapab konn kijan pou yo itilize aparèy elektwonik yo, epi itilize yo byen.

Mus’Elles : Ki pi gwo objektif teknoloji an Kreyòl ta renmen atenn nan yon ti tan ki pi long ak yon tan ki pa twò lwen?

Sophia. B Jasmin: Tout pwojè Teknoloji an Kreyòl genyen nan tan ki pa lwen, pandan peryòd vakans ete a, se fè seminè fòmasyon pou moutre moun kòman pou yo fè koneksyon lakay yo. Se yon seminè bazik, kote n ap aprann moun divès konpozan òdinatè yo, kijan yo kapab itilize yo.
Pwojè nou fikse pou yon tan ki pi long se founi lekòl yo, anpil materyèl enfòmatik, epi mete kèk sant k ap fòme elèv nan domèn nan. Konsa, timoun yo kapab gen kou enfòmatik ki entegre nan pwogram nan lekòl yo. Anplis, teknoloji an Kreyòl swete tounen yon espas k ap founi tout kalte sèvis yon moun kapab bezwen nan domèn teknoloji. Sou fòm klas, dokimantasyon, egzèsis pratik, eksperyans sou teren, grafik, videyo, reparasyon ak enstalsyon materyèl, sipò teknik a distans, elatriye.

Mus’Elles: Yon mesaj pou tout moun k ap itilize teknoloji?

Sophia B. Jasmin: Itilize teknoloji a pou nou fè yon bagay ki efikas, yon bagay k ap anrichi oubyen ogmante konesans nou, konsa n ap edike tèt nou epi enfliyanse lòt moun yon manyè pozitif.

Pwopo antrevi sa a, se Clairvina Dossié ki rapòte yo.

                                                                  

Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *