Sole

Spread the love

Si sole fane nan souri m
M a pote reflè l sou bra m
kenbe lanati nan je m
pote moso van nan rèv mwen
M a kite kè m pou donnen lanmou
menmsi dousè l toujou sale
M a kenbe ke kako manmanm
tankou m te konn rale l nan glasi pou gide m
M a di papa m sa pa pi mal
Li mèt kontinye souri
M a kontinye reve ak lorizon
Sonje lavi nan tras pye nou
Si lodè jasmen ta mande pou mwen
N a di l
souvni yo melanje ak sab bò lanmè
di l nan bon repo
rega m ak regal plante nan vag yo
di l lè lanmou janbe chimen
Se gout ki pot solitid nan rivyè
Menmsi sole ta mande padon
Lanmè gentan anvayi

                        Adlyne Bonhomme


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *