Roselande Jeanty kreye antrepriz ‘’Douvanjou ‘’ ki vle kontribiye nan bay lang Kreyòl ayisyen an jarèt!

Spread the love

Nan tout magazen ak antrepriz kote yo pwodui kado ak kat pou fè moun swè, li difisil anpil pou nou tonbe sou yon kat ki ekri an kreyòl.  Kòmanse nan swè pou okazyon anivèsè, kondoleyans, felisitasyon  elatriye, swè yo ekri souvan nan lang franse ak anglè, men jamè an kreyòl ayisyen. Madanm Roselande JEANTY  fè menm konsta a, e deside mete kanpe antrepriz Douvanjou  nan kolaborasyon ak zanmi l Marie Christelle VILPIGUE. 

Douvanjou se yon antrepriz ki pwodui kat swè pou tout sikonstans nan lang kreyòl ayisyen an. Antrepriz sila a pran nesans nan mwa jiyè lane 2019, e li kòmanse livre premye estòk kat li yo nan mwa desanm 2019 la, pou swete moun bòn fèt nwèl ak bon lane 2020. Depi lè sa a antrepriz douvanjou kontinye fè kat pou tout sikonstans, tankou : anivèsè, remèsiman, kat pou swete kondoleyans, felisitasyon elatriye. Antrepriz sa a gen nan tèt li yon jenn fanm ayisyèn ki pote non Roselande Jeanty , se li ki dèyè gwo inisyativ sila a, ki bay tèt li misyon kontribiye nan ede lang kreyòl la pran plis jarèt nan sosyete ayisyèn nan.

​Roselande Jeanty se yon memoran nan lengwistik, e li  etidye tradiksyon ak edisyon leve.  Madanm JEANTY travay kòm redaktris ak tradiktris, an menm tan li se responsab antrepriz Douvanjou ak Banm lirik ki se yon sit lirik ayisyen.  Fondatris Douvanjou a pa manke batay kont diskriminasyon lengwistik pou fè lang kreyòl la respekte e gen plas li nan sistèm edikatif ayisyen an. Pou li, batay sila a dwe jwenn plas li tou nan kòmanse reflechi ak pwodui nan lang lan chak jou, nan domèn syantifik, literè ak tout sa n ap  antreprann.

Douvanjou pa sèlman la  pou pwodui kat swè an kreyòl, men li ofri lòt sèvis tankou livrezon douvanjou, ki se yon kalite sèvis rapid ki makònen ak nouvote e orijinalite pwodui an kreyòl sa yo granm maten, anba frechè, avan solèy leve, si nou kwè Roselande JEANTY, responsab antrepriz sila a ki fè konnen nan twa  (3)  lane k ap vini yo, y ap gen pou mete sou pye yon magazen kado  k ap yon mache lokal, kote moun ap ka achte tout kalite kado ki fèt nan peyi a, e ofri zanmi, fanmi, pou tout sikonstans. Pandan tan sa a, Douvanjou fenk tanmen ak pake kado ki gen ladanl diven, kat, pòt kle, ak plim atizanal. Nan jou ka p vini yo, ekip la ap travay , malgre fèb mwayen yo di yo genyen, pou vini ak pake « entèlo », ka p gen liv otè ayisyen , kanè epi yon kat.

​Ekip Douvanjou a di li rankontre anpil difikilte sitou lè yo bezwen mete touch lokal tankou desen vèvè sou kat yo. Konsa tou , yo jwenn anpil felisitasyon ak ankourajman pou konsepsyon kat yo ki fèt ak men e ki  ekri nan lang Kreyòl la. Sa ki ankouraje responsab Douvanjou yo  ale pi lwen, e chèche pi bèl  modèl ki kadre ak orijinalite e reyalite nou kòm ayisyen ki pale Kreyòl.

Clairvina Dossié

Kat swè Douvanjou

Spread the love

One Comment

  1. Avatar
    H-D. EUSTACHE

    Bèl bagay ! Ankouraje !

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *