Lotrejou, mwen te tanmen yon konvѐsasyon ak yon zanmi sou yon atik « The guardian » te pibliye 30 avril 2020 an. Kote jounalis yo pale de akizasyon vyὸl kont prezidan Federasyon ayisyen foutbὸl (FHF) lan, Yves Jean-Bart. San nou pa retire aspè sibjektif ki lye ak pozisyon ideyolijk nou, nou te eseye abòde koze sa a sou divѐs fasѐt.

Avan mwen kòmanse eksplike w, nou dakò : « Misye ka inosan ». Dayѐ, li gen ven (20) lane nan tѐt Federasyon ayisyèn foutbòl la, li ka yon kou mal taye. Anplis, videyo ki fѐ pale anpil la, kote Jean Bart ak yon foutbolѐz (m pa p site non l) t ap pase yon entѐvyou, pa gen okenn sѐn vyòl ladan l (Mѐsi lѐ sen, lѐ zanj). Se vre, misye afiche yon pakѐt konpòtman anti pwofesyonѐl ki mete foutbolѐz la malalѐz. Men, toutotan pa gen ankѐt, toutotan li pa pase devan jij, nou paka sètifye li koupab.

Ban m tounen nan koze a, petѐt Jean Bart inosan, men, se pa premye fwa nou tande akizasyon vyὸl sou minѐ kote se granmoun k ap pwofite inosans timoun. Kidonk, kit se misye, kit se yon lὸt, se yon pawòl ki ka pale. Dayѐ, pa lontan fenomѐn « madan papa, zokiki » te fѐ gwo pale anpil (yon lὸt dife pay ankὸ nan mitan van koripsyon an Ayiti an).

Lѐ zanmi m lan fin ale, m reprann lespri mwen, m tanmen reflechi, m te vle mete larezon nan kesyonnman m yo. 

  • Si se ta vre, kisa ki pouse yon moun avèk yon karyè, yon fòtin epi yon notoryete konsa mete tèt li an danje nan poze yon zak konsa ? 
  • Sa k t ap pase nan tèt yon granmoun swasant trèz lane, al fè fòs oswa bay presyon pou l kouche yon timoun (yon minè) ki ta ka pitit pitit li ?
  • Koman yon responsab fѐ gen nan tѐt li pou l abize yon moun ki sou kont li, yon timoun anplis ?
  • Kisa ki deyѐ tѐt yon granmoun pou se ti jenn li anvi sѐlman ? Kijan yon moun fѐ pran plezi nan fosѐ, nan redi fѐ bagay ak yon moun? Kot plezi a ye? 

Ant mwen menm ak ou, mwen te pѐdi lapawὸl pandan yon ti tan! Koze a mande refleksyon.

Rapò dominasyon gason sou fanm nan sosyete ayisyen an, fè gason panse yo ka dispoze kò fanm yo jan yo vle.

Lide sa anpil, men, m pa anvi mize sou li. Li sanble yon pati nan repons lan.

Èske Mesye Dadou gen dwa pou l fòse moun gen rapò ak li? Èske dominasyon an rive jis la ? Èske soumisyon an nan bout sa ?

Dominasyon sa a sanble ekonomik tou, pouvwa lajan se gwo koze. Mwen ta sipoze voye je m sou pati sa tou.

Eta mizѐ fanmi, rann timoun vilnerab

Lide sa anpil tou wi, men m pa vle mize sou li pi rѐd.

Rezilta se sa ki enpὸtan, Zenglen chante l. Dominasyon ekonomik sa makonnen ak mantal tou, piske gen kѐk moun ki reziste. Se pa pou di lide a pa gen sans, men, m pito chita sou lὸt pwen toujou.

Tout gou seksyèl yo nan lanati 

Epi m vin sonje yon imoris fransè mwen apresye anpil ki rele Roman Fraysinnet. Misye gen yon eskètch li fѐ pou l pale sou gou seksyѐl. Li di : « fѐ bagay se tankou jwe nan loto ». Ou pa chwazi sa k ka atire w seksyèlman. 

Koze sa ka charye anpil pawòl dèyè l. Wi, tout moun se moun men tout moun pa menm. Wi, se diferans nou ki bay lanati bèlte. Yon moun ka renmen pijon lòt la se chat li manje ase. Youn ka renmen bay baton, lòt la renmen pran baton.

Moun pa ta dwe dikte gou ak anvi lòt moun. Sa k atire w, gou seksyèl ou ta sipoze yon dwa. Imajinasyon pa oblije bride nan fѐ bagay. Kit ou se fanm, kit ou se gason, kit ou pa defini. Imoris la te mete aksan tou sou posibilite ki egziste – pa aza oswa lòt mwayen rechѐch – pou tonbe sou yon moun ki sanble ak ou a, k ap fè w jwi pi plis pase jan w te imajine l.

Mwen pa anvi kanpe reflechi sou tout kalite gou seksyѐl ki egziste nan lanati a, se vre yo varye, se vre chak jou pi plis ou tande gen yon nouvo kategori. Sa ki fѐ yon moun dous, sa ki eksite li, se paradi l, yon wout pѐsonѐl.

N ap viv anndan sosyete a

Sѐl sa, nou pa dwe janm bliye nou se moun, nou anwo tѐt echѐl dominasyon lanati a. Menmsi, nou arive donte bѐt, pyebwa, nou arive vole nan lespas, nou eseye domine youn lòt nan konpare koulѐ po, kalite ledikasyon, kantite lajan elatriye. Malerezman pou kѐk nan nou ki ta vle panse lekontrѐ, nou sosyab, nou paka viv san youn lòt, jis gade jan nou repwodui, sou anpil pwen nou samble zannimo sѐl LALWA ki diferansye.

Kidonk, nou pa dwe pѐdi pye ak reyalite lavi nou. N ap viv nan sosyete, kit nou vle, kit nou pa vle, gen je ! Libѐte w kanpe lѐ pa lὸt la kòmanse, pawὸl sa plis k on priyѐ ! Se limit ki fѐ nou moun, kapasite nou genyen pou n deside, pou n mete baryѐ nan chwa y ap enpoze n. Se sa ki fѐ gen yon seri kὸd konduit, pa bliye, ou ka pa anvi swiv yo se dwa w, men dwa w kanpe lѐ w ap monte sou dwa yon lot.

Fè bagay kont ou, se toujou dwa w. Sѐlman lѐ anvi ou a depase kad legal sosyete a etabli tankou ou sèlman anvi timoun anba dizuit lane, li vinn pa rele gou seksyѐl ankò pou moun k ap gade. Plis ankò lѐ ou melanje gou seksyѐl ou ak dominasyon, pouvwa ekonomik, ou kite kad plezi a nѐt. 

Ou tounen yon danje sosyal si w paka jere pilsyon seksyѐl ou. Sonje, se sѐvo ki komande kὸ. Pèsòn ki dwat nan tѐt yo pa pral jete kò yo nan mitan dife san rezon, ti vwa larezone nan tѐt ou a, anpeche w di moun betiz san bezwen oswa voye wòch sou tout sa k ap bouje.

Se menm jan an tou, yon moun ak tѐt li byen vise sou zepòl li, paka vole sou nenpòt moun pou vyole, maspinen, imilye kit se kò kit se lespri, okenn moun parèy li. E sa valab menmsi moun lan ta mouri, endispoze, gen problѐm mantal, oswa soufri nenpòt andikap la.

Bezwen fѐ bagay

Se vre, nou toujou ap di fѐ bagay se yon bezwen men nan okenn ka konparezon an dwe kanpe la. Si w pa fѐ bagay ou pa p mouri, alòske, apati twa jou san bwѐ dlo w ap koumanse santi sa.

Nan venteyinyѐm syѐk sa, moun pa dwe viv ni reflechi tankou zannimo. Nou pa konn an chalѐ. Nou ka tann pou nou fè bagay. Poutѐt sa nou dwe reflechi avan nou fè bagay.

Anyen pa p gate, anyen pa p pouri.  Sinon nou riske tonbe nan fè bagay ak ti kabrit, poul, pye bannann ( m konn wѐ kѐk videyo konsa wi lesyѐl). Nou riske fini ak mounite nou nan vare dѐyѐ moun pou bouboun ak koulout.

Toujou gen yon mwayen pou jwi, gen yon mwayen pou rete nan kad nὸmal, legal, sosyal pandan w ap viv seksyalite ou. Chèche l ! Viv li jiska lemowoyid ! Sonje, pa gen okenn plezi nan pѐdi libѐte, ni nan viv nan estrѐs.

M te gaye ! 

Se petѐt koze a sa, se petѐt repons lan sa.

Kiyѐs ki konn sa ki fѐ mesye Dadou bande ? Ki moun ki ka di sa ki fѐ l voye ? Li gendwa pran plezi sѐlman nan rapò ak silbatѐn. Mesye Dadou ka renmen yo rele l prezidan, li ka renmen redevans, adorasyon, rekonsesans a vi.

Gen pil move je, se inosan san defans yo renmen, moun ki pa gen vwa, moun ki nan bezwen, rapὸ domine-dominan. Si mesye Dadou pa bande ankò, li gendwa ta renmen konsѐve ògèy gason li, pou moun pa pale, pou fanm pa plenyen.

Pi bon mwayen yon moun genyen pou l tande gwo alsiyis, pou yo remande l fè bagay san randman, se jere an bòs : fè bagay yo malman, bay opὸtinite, bay lajan, bay kado. 

Si se ta vre, si se ta sa

Mesye Dadou t ap pѐdi kad legal gou seksyѐl li a, li t ap tounen yon manipilatѐ, dominatѐ, yon sosyopat, yon sanzave, yon granmoun dejwe, yon lougawou k ap vòlò rѐv jenn timoun, yon san fwa ni lwa ki santi l sou tѐt lalwa ak lajistis an Ayiti.

Toujou gen yon mwayen legal, sosyal ak moral m di w. Chѐche ou pa chѐche ki fѐ w pa jwenn. Lѐ w jwenn mwayen an, tout fantas seksyѐl ou reyalizab, sѐlman, rete nan senk mѐt senkant ou, pou lapѐ lespri w, si w pa pѐ lajistis klopi klopan nan peyi a.

M pa p janm mande w pou mete baboukѐt nan imajinasyon w, nan pouvwa fѐ bagay ou, nan dwa chwazi w. M pa p janm pemѐt mwen jije chwa lavi yon moun sitou si li gen pou wѐ ak ti bout anba l piske m pa p janm ba w dwa gade anba pa m. 

Aaaaa twòp refleksyon sou Yves Jean-Bart ! Ban m reflechi ak ekri yon ti pawòl espesyal pou mesye Dadou pou paj fesbouk mwen:

« Mesye Dadou, si eskandal sa ta manti, eskize tout egzanp m pran sou do w yo ; si ou ta gen kѐk gou seksyѐl patikilye, m vle di w gen mwayen legal, sosyal, politikman kòrèk pou viv seksyalite ou san tabou. E si ou ta fѐ sa yo vre, tout koze yo, ou se yon danje sosyal ki merite prizon. »

O! Fòk mwen gen yon ti koze ant mwen ak ou kounya ki t ap li m depi tout tan sa a : « Libere anvi fѐ bagay ou, men libere l byen. Fѐ tout sa ki nan lide w. Men veye pou pa pѐdi tѐt ou ak lavi ou sou wout libѐte a. »

Anpil lanmou pou ou.

Sous foto ilistrasyon atik la : The Guardian

La Mousse