Magounda, yon gwoup fanm ayisyèn ki makonnen ak kilti yo

Spread the love

Gwoup lan rele Magounda. L ap fè pwomosyon pou kilti ayisyèn lan pa mwayen mizik , dans epi chan tradisyonèl depi 3 avril 2021. Misyon li se valorize ak fè pwomosyon pou tanbou e pèmèt plis moun, sitou fanm konnen jan pou yo pratike l.

Rony Joseph ki se fondatè gwoup sa fè konnen se espri batala yo ki te enspire l non rezistans li. Li se Dansè , koregraf , tanbourinè, lanmiral, djawentò. Li se fondatè plizyè gwoup kiltirèl tankou Twoup kreyòl, Atelye Tanbou Plen Minwi ak Magounda ki se yon gwoup kiltirèl mizikal ki genyen ladan l yon ansanm fanm ki angaje yo nan fè pwomosyon pou kilti ayisyèn lan , nan jwe tanbou ak tout lòt kalte enstriman ki fèt sou tè Dayiti epi nan fè pwomosyon pou lang kreyòl ayisyen an. Pou kounya li genyen 15 manm gen ladan yo ki se : chantèz , dansèz ak tanbouyèz.

Magounda vle montre valè patrimwàn kiltirèl imateryèl Ayisyen yo genyen. Se sa k fè pèp ita dwe prezève anpil eleman ladan yo tankou abiman ak estil epi rit tradisyonèl ayisyen yo. Se tout sa yo ki pèmèt yo idantifye pèp lan kòm ayisyen  . Se nan sans sa a Magounda gen deviz li ki se : « Yon pèp san kilti se yon pèp san nanm».

Magounda bay tèt li misyon pou li desantralize koze Atizay nan peyi Dayiti sitou pratik jwe tanbou a paske yo remake menm jan ak lòt sektè yo , atis , mizisyen ak mizisyèn yo rete santralize nan kapital peyi a . Epi aprann medam yo jwe enstriman mizik sitou tanbou ,fè fòmasyon, fè echanj rit tanbou ant plizyè depatman, komin nan peyi a, pote kilti peyi d Ayiti ale lwen tou.

Nan yon entèvyou ak Batala , li te eksplike chwa rejis mizikal epi konpozisyon Magounda an :

« Nou chwazi jwe mizik Vodou se paske non sèlman nou remake sosyete nou an gen yon karans nan modèl gwoup k ap seye retounen nan Rasin nou, nan sous kilti a kise Vodou. E nou kreye gwoup la avèk fanm sèlman se paske nou vle pote yon repons ak divizyon travay “sexuée” a nan Peyi d Ayiti kote majorite moun nan sosyete a panse fanm pa ka nan jwe tanbou ( yo konn toujou di plas fanm se nan kay). Efektivman gwoup la rantre nan demach pou batay pou dwa fanm respekte nan yon sosyete Matchis. Dabò chwa fanm sèlman pou jwe tanbou a s on eleman nou k ap konsidere. Answuit, rejis mizikal nou yo pwal penmèt nou regade modèl chante k anpil fwa k ap diminye fanm yo. »

Pi gwo difikilte yo rankontre se jwenn fanm ki vle rantre nan demach la tout bon vre. Nan yon sosyete kote non sèlman pratik tanbou a pa konsidere tankou yon travay pwopreman pale sètadi yon aktivite ki reminere avèk revolisyon endistriyèl la. Men tou, anpil dekourajman medam yo pa sispann jwenn ( nan ka sa nou k ap pale de yon doub diskriminasyon).

Magounda poko nan mezi pou fè zorèy piblik la plezi paske gwoup la poko reyalize okenn espektak . Premye aktivite yo a te reyalize dimanch 8 me kote yo te fè yon seyans foto ak video pou yo te ka prezante gwoup la sou rezo sosyo yo. Men yo konte òganize yon bèl espektak nan jounen fèt manman an nan mwa sa a menm. Atant yo se wè anpil moun konprann dinamik yo rantre ladann lan, se wè yo gen yon bon kouvèti medyatik pou gaye nouvèl la toupatou.

Thara Layna Marucheka Saint Hilaire


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *