Lanfè a la

Spread the love

Ou pa rate ni kèt, ni priyè, ni sèvis
Yon Jan Pou w pa kankannen nan lanfè sadik
Men fanmi, kite m di w

De kanmarad boule ladan l lòt jou

Kisa w ap fè?
W ap met men pou n etenn li oubyen
w ap kite l
Fè babekyou nan ofelina

Pwomès la se te koupe tèt boule kay
Se pa t kite l mache, abandone lakay

Ran nou chaje ak trèt

Pouki w ponyade m chak lè m sekle wout adoken pou rèv ou ka pase
Pandan se pwa kadav nou k ap fè richès pran wotè

Gade,
Pa kite zòt òkestre grangou w, apresa pou l ap dous ou

Gade,
Pouki w rejete prensip desalinyen
Pouki w ap defann ponp gazolin ak makèt

Gade,
Pouki w refize pran mitrayèt
Pouki w kondane m lè m di w lwazi pa vo lapenn

Tanzantan m revize angajman m,
Tanzantan, m tcheke pou m konn si jodya se pa anndan m opresè a ap banbile

Gade Kanmarad,
Pa onore lavi m
Ede m sere l lwen
Pou move je pa wè l


Djanaina Salomon


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *