Lavi Maklin

Spread the love

Mwen rele Maklin, mwen gen karant lane jodi a. Mwen ap viv ak yon andikap motè nan pye goch mwen epi men dwat mwen, depi lè m fèt. Mwen leve ak fanmi m. Manman m rele Jozyàn, ti frè m nan rele Jid ak gran sè m nan, Sizàn. Mwen te rete Dèlma swasant. Se pa t yon zòn ki te fasil ditou pou mwen. Pou m sot lakay mwen, rive nan lari a fòk mwen te desann yon gwo eskalye, ki chaje ak mach tou zwilit. Fasil pou w glise si w pa kenbe kò w, m pa bezwen pale pou mwen menm, ki kalvè desann li te ye pou mwen. Eskalye sila a mennen nan yon ti koridò ki fèmen, fènwa epi jis. Toujou chaje jèn gason ki chita nan koridò sa a. Si fwa sa a, jodi a m pase, okenn nan yo pa tire blag sou mwen, oswa chache yon vye pawòl di m, m ka deklare jounen sa a, se yon bon jounen pou mwen.

Lè m te gen dizan, bridsoukou yon kriz tansyon te jete papa m, te gen yon bò li ki te paralize. Chagren, lamizè epi mank mwayen pou jwenn laswenyay te koz li pa t pran anpil tan pou l mouri apre sa. Depi lè sa a, se te yon maswife m t ap monte ak manman m ki te vin pi pa vle wè m. Nan epòk sa a, m te nan katriyèm ane fondamantal. Madanm nan retire m lekòl, li deklare koze konsa pa fèt pou mwen, se lajan jete. Lè m di nou sa se pa ti tray non m t ap pase! Li te ban m tout non pote, li te konn rele m kokobe, pa itil, restan moun, plen kwen, ak pil lòt vye pawòl mwen wont pou m di isit la. Li pa t ka wè m nan kay la. Chak fwa li wè m, li enève, mwen deranje l, mwen nwi l. Fraz li pi souvan di m yo se te : « Efase w devan m nan ! » ; « Disparèt ou la ! » ; « Fè m pa wè w la, rapid ! ». Li te toujou ap mande m kilè pou m kite kay la. Kòmsi m te gen yon lòt kote m te ka ale. Kòmsi m te dwe tout lòt kote, sof lakay li, sof kay manman m.

 Depi lanmò papa m, bagay yo te vin pi pa bon. Sitiyasyon nou te pi rèd pase dlo y  ap bat pou fè bè. Petèt se youn rezon ki te pouse Jozyàn sèvi ak mwen pou l fè kòb. Granm maten, manman m te konn leve m nan kabann pou m pran lari a. Okòsman se te sitou jou dimanch, li te konn pran m, mennen m bò legliz pou m ka al mande, pou m pote kòb nan kay la. Gen de lè m te konn rantre ak anpil kòb paske moun nan lari yo te konn gen pitye pou mwen. Pafwa tou, li te konn vann mwen bay yon lòt mandyan, pou mil goud pou jounen an. M te gen bèl ti figi, cheve long ki siwo, epi bèl ti po nwa, sa te atire moun yo pran plis pitye pou mwen. Souvan yo te konn di, poukisa Bondye bay bèl ti pitit sa malè sa a. Nèg manman m te konn lwe m nan, te konn pase sann nan cheve m, sou rad mwen, epi mete m nan yon chèz woulant, pouse m nan tout lari a. Poutan m te ka mache, menm si se ak difikilte. M pa t devlope anpil, akoz malmanje, mizè ak maltretans te fè m soufri malnitrisyon. M te ka gen nenpòt douz lane, men m pot ka menm sanble sou wout pou m fòme.

Te vin rive yon jou, Jozyàn deside pa itilize nèg sa a ankò. Li te fè m al mande chak jou nan lari a, poukont mwen. Se te preske yon travay, m te dwe bay rapò chak kou m rantre, epi malè ak mwen si figi m pa ta fennen lè m tounen, sa t ap vle di m depanse nan kòb la. Yon jou, lòt timoun nan lari yo, te wè jan m ap rantre kòb, yo te vin fè konplo chak apre midi pou yo bat mwen. Pafwa yo konn pran tout kòb la nan menm, pafwa yo kite yon ti monnen. Sa te konn ban m gwo problèm, paske se pa t problèm Jozyàn sa, se te problèm pa m.  Lè konsa, lè m rantre lakay la san lajan, li m joure m, li souflete m, li bat mwen, pafwa l konn take m deyò sou galeri a. M pa te ka fouti di l sa k fè sa. Lè li wè sa ap kontinye, li bat mwen pi plis, li di m se afè m ki bon. M te blije chanje zòn, ale pi lwen, kote moun pa konnen mwen, frite nan tout lari Pòtoprens. Konsa, m te vin vikitim de tout sa ki pa bon nan lari a, bò kote timoun, granmoun, moun a vès byen kòlte kou vakabon.

Lè m te vin gen kenzan, tèlman gen vakabon nan lari a k ap bat mwen, mwen deside pa al mande ankò. Konsekans yo te terib, li pa t ban m rad pou m mete ankò, ni li pa t penyen tèt mwen. Baton leve m, baton kouche m. Po m te vin chaje maleng tèlman m pa t gentan geri anvan l wouze m anba chaplèt. Ti kabann chaje ranyon m nan te chaje ak pinèz. Tach san yo, m pa t ka konn si se san pinèz yo oswa san ki sòti nan maleng ki paka geri yo. M te menm gen gwo plaka bouton sou mwen, paske pa gen dlo nan zòn nan, kote ti kokobe tankou m te ka jwenn ti kal pou m lave kò m. Vye bòl li te konn banm manje a tou, tèlman kòlè monte l, li te jete l nan epòk sa a.

Tout mizè sa yo te parèt nòmal nan je vwazinaj yo, dayè yo tout te gen problèm pa yo, kote yo te ka ede m ak problèm pa m yo. Pafwa yo te konn rele anmwe pou Jozyàn lè l bat mwen twò souvan. M pa p bliye tou, gen yon jou, yon sè katolik te banm enpe rad lè l wè po do m anba solèy cho a k ap desann eskalye kwense a pou m al mande. Men m te gen yon ti souf nan kay la tou, se vre ti frè m nan Jid, pa t ban m pot gaz pou li. Men, lè gran sè m nan Sizàn wè m nan malè, kè l te konn fè l mal pou mwen. Chak ti manje li genyen, li te konn sere ti kras pou mwen. Lè swa malgre manman m pa t vle, li te konn pale avè m, li te toujou fè yon chape pou li ban m ti sa li sere pou mwen an. Li te toujou di m anvan l sòti : « Maklin ou bèl anpil wi, mwen renmen w anpil, anpil ! Sonje sa !» M te konn souri, li pa t janm bliye vin di m sa, menm si se nan zòrèy, pou manman m pa wè.

Lè m te vin gen disetan, yon jou swa pandan pa t gen pèsòn lakay la avèk mwen. Paske Jozyàn ak Jid te te ale andeyo, pou twa jou, nan yon maryaj. Nan dènye jou swa a, sis jenn gason rantre nan kay la, yo bat mwen, yo fè kadejak sou mwen. Pa t gen anyen pou yo vòlè, yo te fache. Lè manman rantre, li wè san tout atè a, sou mwen, ak kèk nan ti branch ranyon m yo. Li mande m sa k fè sa. M eksplike l sa k pase a, li deklare ak gwo kout ekla ri, epi pil jès :

 « woy ! hheheyy ! nèg sa yo pa t gen anyen pou yo te fè! Bon sa vijinite w lan t ap itil ou menm ! Mezanmi wooo, pou jan gen bèl fanm nan lari a, pou se ou nèg sa yo wè pou l vin fè onè sa, ala koze papa ! Omwen w a di w konn gason kounye a ! Ou se fanm wi kounye a! » Epi l ajoute, « Depi w wè sa, ou konn bay payèt nan lari a, oswa w konn pa reponn lè yo rele w. Sèlman si w gwòs, oswa pran nenpòt lòt vye maladi, sa pa konsène m. Erezman Sizàn pa ret isit la ankò, sinon w t ap atire giyon ak vye je malandren sou li.»  

Lè a, m pa t kapab vre ! M pa t ka pran ni jouman, ni baton. Pou yon fwa m panse Jozyàn t ap aji ak mwen tankou yon moun. M te panse omwen devan malè sa a, li te ka gen pitye pou mwen. Men manman, m pa t fè anyen ki mal pou m ta rele malè sa a sou mwen.

– Men manman, m pa t fè anyen ki mal pou m ta rele malè sa a sou mwen.

– Ey ! M pa frenk di w pa rele m manman ! Se de pitit mwen genyen wi, Jid ak Sizàn. Kòm ou granmoun kounye a ! Dayè w nan gason, ou gen tou, ou se fanm ! Chache kay ou, chache wout ou ! Ban m lè ! Ban m kote m respire, m pa ka nan pran sant ou ankò apre disetan m ap ba w manje, bwe, epi abiye w. Mwen fè tout sa m te sipoze fè deja pou ou. M pa dwe w anyen ankò !

Apre pawòl sa yo, dlo ponpe nan je m kou laravin ki desann. Se pa t paske m pa t konn abitye tande pawòl sa yo. Men m te santi fwa sa a, se te twòp atò. Bourik la chaje, li pa t ka pran ankò, li lè pou l ale. M te pran ti pakèt mwen, m te trennen l dèyè m, m te retounen anba yon galri, yon kote m te konn mande anvan sa.  Chak swa m dòmi anba yon vye machin zoreken. M pa t vle mande ankò, m pa t vle fè okenn efò pou m siviv, m te deside kouche la, jwenn lanmò m. Lè m sou setyèm jou depi m pa manje, m pa t kapab ankò. Epi, anba machin nan kote m dòmi an, yo vòlò sandal ki te nan pye m nan, yo pran ti rad mwen yo. Lanmò vrèman vre pa t bezwen m! Men finalman, m te sòti anba machin nan retounen mande, m te vle mouri, men m pa t vle sa k te rive m nan lakay la ak sis jenn gason yo repete ankò. M t ap chache lanmò, men pa plis soufrans. M pa t vle vòlò yo tounen ankò, pou yo jwenn mwen la. Lè pa t gen anyen pou pran fwa sa a, m te pè sa yo te ka fè m.

Apre kenz jou, ap drive nan lari a, m te tande yon moun ki rele m. Se te Sizàn, ki te rantre Potoprens. Li te jwenn yon ti jòb oksilyè enfimyè nan yon ti dispansè, kay mè yo, nan Sen Lwi Disid. Li vin sove m, li te sonje m menm jan m te sonje l lan tou. Li te pran kriye, li pote twa mil goud li t ap sanble pou mwen. Li te di m li pa p ka pran m lakay li, paske se kay yon matant li te jwenn ladesant pou ti travay la. M te di l mèsi, mwen te di l pa enkyete l pou mwen. M te di l tou, m konnen se pa fòt li, epi kijan l renmen m. Apre sa nan demen maten byenbonè, mwen achte yon sachè dlo, m chanje pozisyon m te konn dòmi an. Mwen te ale yon lòt kote, epi m te tou chwazi vann la. Gras ak kèk bon pwochen nan vwazinaj la, ti komès la mache, li ogmante, epi m te ka dòmi sou yon teren vid dèyè yon kay, anba yon tant, yo te ede m bati. Nan pale pale ak mesye ki vann dlo a, Jaky, li te di olye m dòmi sou teren an, ki danjere, li pwopoze m yon ti pyès kay an tòl nan lakou lakay li a. Jaky di m : « M ap ba w pyès la, rete ladan l pou jis ou jwenn kòb pou ou peye lwaye a chak ane ». Se konsa m vin jwenn yon kote pou m rete, epi biznis vann sachè dlo a, pase a vann bwason, jiskaske li vin yon gwo boutik nan zòn nan.

Apre epòk sa a, 15 lane te preske pase depi m pa t wè Jozyàn, depi lè l te mete m deyò apre kadejak sis jènn gason yo te fè sou mwen an. M te vin aprann li dyabetik, sik la pete nan tou de pye l yo. Doktè di yo dwe koupe yo pou l pa mouri. Sizàn te ale Chili ak mari l epi pitit li. Bagay yo pa t anfòm pase sa, men li te pi byen pase lè l te nan dispansè a. Epi li te ka finalman etidye sa l te toujou reve etidye a, pou l vin yon doktè. Jid li menm te rantre nan lapolis, epi se pitit li t ap kale nan chak depatman nan peyi a yo te konn voye l fè pòs. Manman m te vin poukont li nan kay la, li pa gen pèsòn ki pou pran swen li, pou fè anyen pou li, epi l pa t ka peye lwaye a ankò. Poutèt Sizàn ki mande m sa, fòk mwen di l, paske m pa t gen okenn kontak ak manman m apre jou sa a. Mwen te aranje mwen, mennen l nan ti pyès kay m ye a, pou m ka pran swen li.

Gen yon timoun nan vwazinaj la, Solanj, yon adolesant ki renmen m anpil. Li pa t janm ka konprann kòman m fè alèz ak andikap la konsa, ni tou kòman m fè santi m alèz pou m pran swen manman m, malgre tout mizè li te fè m pase lè m te lakay li. Paske li menm malgre tout sa paran l ofri l, yo mete l nan gwo lekòl, li gen pwòp sèvant li, yo ba l tout sa l gen bezwen, men pi gwo lèlmi l, se yo menm. Prèske chak jou nou toujou ap koze ansanm. Yon lè li soti lekòl, li vin jwenn mwen, li avwe m :

–  Maklin, pa pita nan mwa sa a, depi m jwenn mwayen pou m sove , m ap sove. M paka viv ak moun sa yo ankò.

–  Poukisa Solanj? mwen mande l tou sezi.

–  Ahh! Yo prive moun de tout bagay. Jodi a, paske abònman an te vin chache m, li pa t jwenn mwen akoz yo te kenbe tout klas la te nan pinisyon, chofè a rele manman m, li di l li pa wè m. Lè m rive apre midi a, madanm sa a tèlman  pale, li pale tout pawòl, pawòl li pa bezwen. Li nwi sante m !

– Solanj cheri, se chans ou genyen wi pou w jwenn paran ou renmen w. Ou wè jan m ye la, m ta dwe gentan mouri wi si se te pou manman m ! Pitit mwen, m te rive nan yon pwen li te tèlman about ak mwen, se deyò li te mete m wi. Se mal, m mal pou m mouri, ki fè m la toujou. Se pa ti mizè m pa pase non ! Se, pa itil, manman m te konn rele m.

Solanj ap tande m ak atansyon, li tèlman sansib, lè m ap rakonte l sa m te pase, kote m soti pou m ateri la, li prèt pou l kriye. M di l se renmen manman w renmen w wi ki fè se konsa l ap aji avèw. Mwen rakonte l :

–  Paske manman w wè, si w pa t la, kafe l t ap koule ak ma.   

–  Wi se vre, men l pa p janm admèt sa non Solanj.

–   Poukisa ?

–   Paske rezon ki fè l te konn ap maltrete m depi lè m tou piti, se paske l pa t janm konsidere m tankou pitit li, tankou yon moun, m te toujou enferyè, pa nòmal devan je l. Se pa kwayans ki sòti nan tèt moun nan konsa konsa non.

–   Men ou menm, Maklin, ou pa oblije ede l. Se vre Sizàn mande w sa, men m panse l t ap konprann si w te di l non.

–  Wi, wi. Ou gen rezon. Men, si m pa ta ede l, sa t ap vle m di m ba l rezon tou, mwen ba l rezon sou tout sa l te konn di yo. Epi mwen pi mal pase l tou, paske m nye manman m.

Fen.

Otè tèks sila a, se patisipan Atelye ekriti nouvèl yo ekri, anba direksyon Hervia Dorsinville, nan kad katriyèm edisyon festival “Quinzaine international, Handicap et Culture”, nan semèn premye pou rive 15 jen 2019, nan Pòtoprens.


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *