Emmanuela Dérissaint apèn ranpòte twazyèm edisyon konkou ekriti ki pote non “Prix Amaranthe” C3 mete sou pye, avèk liv li a ki gen pou tit “Au sommet de la plaine”. Li gen sèlman 17 lane. E sa fè dezyèm fwa li genyen yon konkou ekriti C3 Editions òganize.
Nan lane 2020, Emmanuela Derissaint te patisipe nan yon konkou tèks menm enstitisyon an, C3 édition te òganize an okazyon jounen dwa fanm nan sou tèm “Fanm ak gason egal ego”. Tèks Emmanuela a, “Machann lavi” te fè pati tèks li te retni atansyon jij yo. Tèks sila a yo te pibliye andann yon liv ki rele “C’est une femme qui parle”.
Pale de lavi li kòm ekrivèn, se pa yon bagay Emmanuela twò renmen fè : “M te toujou ekri, poutan. Men pa seryezman. Si m dwe sitiye sa sou aks tan, malgre mwen, m panse premye tèks mwen te ekri pou yon konkou se te lè m te nan 8èm ane fondamantal. Li te fè 5 paj. M ap ekri on ti kras ak plis serye depi lè sa”.
“Au sommet de la plaine” se yon rekèy nouvèl. Daprè otè a, se lektè yo k ap pi byen pase pou di kisa liv la di yo oswa, de kisa liv la pale. Yon lòt bò, li eseye dekri sa ki anndan liv la nan fason pa li. “Liv la pale de on dal bagay mwen pa panse m gen kapasite pou m rezime, menm si m ta vle. Se istwa yon moun fou k ap di istwa nan lari a, atè a. Se istwa yon zanmitay avyon touye. Se yon istwa pwezi. Se yon istwa lanmou. Se yon istwa pye poudre. Se istwa lari a tou, istwa yon pakèt moun yo panse k san istwa. Se yon gwo tablo k chaje koulè dwat e gòch. Finalman, m panse se liv la pou moun yo kite pale avè yo si yo vle konnen toutbon, de kisa l pale”.
Enspirasyon liv sila a marande ak yon move nouvèl otè a te pran, pandan li t ap fè yon lekti. Èske se yon koyensidans? Men kisa Emmanuela di sou sa: “M aprann yo depòte yon tonton m, yon moun m renmen anpil, sou fwontyè Tegzas-Meksik, ak madanm li epi de pitit gason l, yon aprèmidi. Nan moman an, m t ap li : “Cahier d’un retour au pays natal de Aimé Césaire”. Jis konsa. Epi se la, yon tèks koke nan gòj mwen. M pa t gen chwa. Li tòtire m jouk m vomi l. Istwa a t ap chèche imòtalite. Jodi a, mwen sèten li ret antye sou lestomak tan. Li menm enprime l nan lespri m”.
Se ak anpil kontantman jenn fanm nan te pran nouvèl li ranpòte pri a. Te gen yon premye lis ki te sòti kote C3 te pataje ak piblik la 8 finalis konkou a. Pi devan, yon ti tan aprè, non finalis yo ta pral pran lari epi pou Emmanuela rive genyen. 2 lòt finalis yo Steevy Francisque ak Christ-Falin Oralus resevwa mansyon espesyal manm jiri a.
Ranpòte pri sa kapab yon akonplisman pèsonèl pou Emmanuela. Men tou, se yon siksè li pataje. “Mwen panse m dwe santi m onore. M te ka fè onè ak tout moun sa yo ki pèdi lonè yo pi rapid pase tan sa pran m pou m ekri l, moun yo pa bay dwa a mounite menm si yo gen yon bout souf k ap monte desann nan pwatrin yo, fè onè a lari Pòtoprens” Li ale pi lwen pou l di: “Se yon privilèj m pa menm panse m merite”.
Kòm rekonpans pou pri sila a, C3 ap bay Emmanuela 500 egzanplè nan liv sa a pou li pwòp pwojè pa l.
Emmanuela DERISSAINT fèt 1e fevriye lane 2005. Kidonk, li gen 17 lane. Li prèske fini ak lane segondè 3 li nan lekòl “Collège La Providence Cambry-Loiseau”. Li se premye pitit manman l ak papa l. Liv se premye lanmou li dapre sa li rakonte n. Li renmen Atizay tou. Li renmen Atis, moun k ap travay bote ak tout bote sa mande.
Darline Honoré