Damou mwen damou

Damou mwen damou
Spread the love

Nan kachotri ak lanmou

Mwen jwenn yon wout pou 2

Youn ki mennen nan pla men w

Anvan mwen vin toupi

Chans timoun inosan

De men m

De pye m

Egal kat pwen kadino

Linivè bwase bil mwen

Mwen  pèdi nan tras men w

Demen lonbray mwen pa p pou mwen

Lè m damou se konsa m ye

mwen woule desann

 Ko m pase monte

Jouk gratsyèl gen gwo kè

Kè  m fann debout

Youn pou ou

Youn pou mwen  lèzengra

Jeanne – Elsa Chéry


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *