Absans ou

Spread the love

Absans ou se yon frèt kach

Pou filange lespri

Absans ou file debò,

Absans ou se yon powèm

M ekri ak dlo je

Ou kuit kè m nan chodyè soufrans

Absans ou se yon pwa kongo sèch ki refize kreve

Yon mizik san son

Absans ou se yon kalòt marasa lanmou pran

Pou koupe somèy miyèt moso

Absans ou se yon te asowosi

Yon chwal k ap galope san rete

Absans ou lou k on pwa senkant

Cheri rele m

Rele m lè lanjelis tanmen

Rele m lè douvanjou kale

Rele m toutan

Rele m tout lè

Rele m sou tèt mòn

Rele m nan plenn

Rele m anba dlo

Zòrèy mwen pwograme

Nenpòt peyi w ye, depi w rele m

M ap tande

M sonje lanjelis

K ap Gade m k ap dòmi nan bra w

M anvi lavi m kanpe

Ekri w se kriye ak vwa m tou ba

W ale ou kite anprent ou ankè nan kè m

Kè m di m pran kè

Tann ou tounen

Mackenda DELIASSE


Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *